680 000 timoun san kay : Ayiti ap pèdi inosan li yo anba bal ak laperèz
Vyolans san fen k ap devaste Ayiti a lage yon chay lou sou do timoun yo. Nan dènye rapò li pibliye 8 oktòb 2025, Fon Nasyonzini pou Timoun( UNICEF) fè konnen gen plis pase 680 000 timoun ki oblije kouri kite lakay yo akoz gang ak ensekirite k ap vale teren nan tout peyi a. Se youn nan pi gwo trajedi imanitè Ayiti pa janm konnen nan listwa resan li.
Nan kapital la ak nan anpil komin nan pwovens yo, lavi timoun yo vin tounen yon kous pou siviv. Yo dòmi anba dra plastik, manje lè gen chans, epi yo pa gen okenn garanti pou yo rive viv demen. Lekòl yo tounen abri, legliz yo tounen refij, e lari yo vin tankou yon pyèj kote laperèz ak lamizè se sèl konpayon.Dapre UNICEF, timoun yo vin pi ekspoze a abi seksyèl, vyolans fizik, ak rekritman fòse pa gang ame yo. Menm fanmi yo ap dezentegre: anpil paran pèdi kontak ak pitit yo, pandan lòt ap viv anba chòk emosyonèl. Nan peyi kote ensekirite tounen règ, timoun yo ap peye pi gwo pri a.
Òganizasyon an mande pou gen repons ijan ak yon plan solid pou pwoteje timoun yo, remete lekòl yo sou pye, epi bay èd medikal ak manje kote ki pi afekte yo. UNICEF sonnen alam lan : si pa gen aksyon kounye a, se lavni nasyonal la k ap fennen ak jenerasyon sa a.
Anpil espesyalis avèti tou : sa k ap pase la a se pa sèlman yon kriz sekirite, men yon kriz egzistans, kote dwa pou viv, aprann ak grandi an sekirite ap disparèt piti piti anba pwa lagè gang yo.
Nan mitan lafimen, dlo nan je ak pèt lespwa, timoun ayisyen yo rete dènye limyè ki pa dwe etenn. Se pa sèlman èd entènasyonal ki nesesè, men yon renesans konsyans nasyonal pou n sispann sakrifye inosan yo. Paske si timoun yo pèdi, se nasyon an antye k ap mouri an silans.
pascalfleuristil2018@gmail.com

