BID louvri pòt espwa a ak 100 milyon dola pou relanse lasante nan Nò Ayiti
Nan yon moman kote sistèm lasante ayisyen an paka respire ankò, Bank Entèamerikèn Devlopman (BID) anonse, mèkredi 8 oktòb 2025, yon sibvansyon 100 milyon dola pou rebati ak modènize sant sante nan twa depatman nan Gran Nò peyi a : Nò, Nòdès ak Nòdwès. Yon pwojè ki ta ka make kòmansman yon chanjman reyèl pou sante piblik nan zòn ki soufri neglijans depi plizyè dizèn lane.
Depi apre kriz ak tranbleman tè ki fin kraze anpil lopital, sistèm lasante Ayiti a ap tounen tankou yon pasyan ki nan koma. Avèk finansman sa a, BID pwomèt pou rebati ak ekipe sant sante yo, mete teknoloji modèn pou nimerize sèvis medikal, epi fòme pèsonèl medikal la pou jere lopital yo pi byen.
Pwojè a, ki gen pou dire 7 ane, pral benefisye anviwon 750 000 moun, sitou fanm, moun ki gen andikap, ak moun deplase andedan peyi a. Li gen ladan tou yon plan prevansyon kont kolera, tibèkiloz, VIH, palidis ak lòt maladi k ap ravaje kominote yo depi lontan.
Inisyativ sa a pa sèlman yon kesyon bilding oswa aparèy medikal. Se yon apèl pou refè konfyans ant lopital ak sitwayen yo. Lè sèvis sante yo modènize, moun yo santi yo plis an sekirite, fanm ansent jwenn swen, e timoun yo ka grandi nan pi bon kondisyon.
Men, BID poko anonse kilè lajan an pral debloke nèt pou travay yo kòmanse. Pandansetan, anpil espwa deja leve nan mitan pwofesyonèl lasante ak kominote yo, ki wè nan pwojè sa a yon chans pou retounen diyite ak espwa nan rejyon nò peyi a.
Si pawòl yo tounen aksyon, envestisman sa a ka vin tounen yon pwen depa pou renesans sistèm lasante ayisyen an. Paske rebati yon lopital, se pa sèlman bati mi se rebati konfyans, lavi, e lespwa yon pèp ki merite swen ak respè. Gran Nò a kapab vin modèl yon nouvo vizyon lasante pou tout Ayiti.
pascalfleuristil2018@gmail.com

