El Niño ap menase rekòt ann Ayiti, sa ka agrave pwoblèm grangou an 2027
Ranfòsman fenomèn klimatik El Niño a ap fè anpil moun enkyete sou avni pwodiksyon agrikòl la nan plizyè peyi, sitou ann Ayiti. Dapre avètisman ekspè yo, mank lapli nan mwa k ap vini yo kapab afekte rekòt peyizan yo epi rann aksè ak manje pi difisil pou anpil fanmi pandan premye mwatye ane 2027 la. Menas sa a parèt nan yon moman kote ensekirite, lavi chè ak difikilte ekonomik deja mete gwo presyon sou popilasyon an.
Dapre Rezo Sistèm Alèt Bonè kont Grangou (FEWS NET), El Niño a ap pran fòs depi mwa jen 2026 la, epi li te rive nan yon nivo ki wo anpil nan mwa septanm nan. Nan yon bilten ki soti 8 oktòb, Òganizasyon Mondyal Meteyowolojik la (OMM) fè konnen tanperati dlo nan zòn santral ak lès Pasifik twopikal la kapab rive nan nivo rekò ant oktòb ak desanm. Bò kote pa li, Administrasyon Nasyonal Oseyan ak Atmosfè Etazini an (NOAA) estime gen plis pase 90 pousan chans pou fenomèn nan kontinye pandan otòn ak ivè nan emisfè nò a. Chanjman sa a kapab deregle sik lapli yo nan diferan rejyon sou latè, kote kèk zòn ka sibi sechrès pandan lòt yo ap fè fas ak gwo lapli ak inondasyon. Sitiyasyon sa a kapab gen konsekans sou pwodiksyon manje, rezèv dlo ak pri pwodui alimantè yo pandan ane 2027 la.
Pou Ayiti, pi gwo kè sote a se konsekans mank lapli a sou travay peyizan yo. FEWS NET avèti sechrès la kapab diminye rekòt otòn ak ivè 2026 yo, ansanm ak pwodiksyon sezon prentan 2027 la. Si previzyon sa yo reyalize, anpil kiltivatè ka pèdi yon pati nan sa yo te plante, sa ki ta diminye kantite manje ki disponib sou mache lokal yo. Anplis pwoblèm klimatik la, vyolans gang yo, ogmantasyon depans transpò, pri gaz ak frè transpò machandiz soti aletranje ap kontinye mete manje yo lwen pòch anpil fanmi. Ant fevriye ak jen 2027, bezwen asistans alimantè yo kapab rete wo anpil, sitou pou moun ki deja ap viv nan kondisyon ekonomik difisil.
Nan yon peyi kote anpil fanmi deja ap lite pou yo jwenn sa pou yo manje chak jou, menas El Niño a mande pou otorite yo ak patnè imanitè yo pran dispozisyon san pèdi tan. Sipò pou peyizan yo, bon jan siveyans kondisyon meteyowolojik yo ak mezi pou fasilite distribisyon manje kapab ede diminye konsekans kriz la. Si pa gen bon preparasyon, konbinezon sechrès, ensekirite ak lavi chè a kapab rann sitiyasyon alimantè a pi grav toujou ann Ayiti an 2027.
pascalfleuristil2018@gmail.com

