Pap Leon XIV pral sibi yon operasyon pou retire yon nodil nan poumon li
Pap Leon XIV, ki gen 71 lane, anonse dimanch 11 oktòb 2026 la li pral sibi yon entèvansyon chirijikal pou retire yon nodil doktè yo dekouvri nan poumon li. Dapre sa li fè konnen, yo te detekte pwoblèm nan byen bonè, epi doktè li yo rekòmande pou yo fè operasyon an. Daprè sèvis pou laprès Vatikan an, chèf Legliz Katolik la ap bezwen anviwon yon semèn pou li reprann fòs li apre entèvansyon an.
Se nan fen priyè Angelus la, sou plas Sen Pyè nan Vatikan, Souvren Pontif la te chwazi pale sou sitiyasyon sante li. Li esplike se pandan dènye egzamen medikal li yo doktè yo te dekouvri nodil la, ki byen lokalize nan poumon li. Apre li fin konsilte ekip medikal li a, li deside swiv rekòmandasyon doktè yo pou yo retire l. Pou kounye a, Vatikan an poko bay plis detay sou nati egzak nodil la ni sou rezilta egzamen ki te fèt yo. Sepandan, yo te detekte l byen bonè se youn nan enfòmasyon enpòtan Evèk Wòm nan mete devan fidèl yo pandan anons sa a.
Anons sa a rive nan yon moman kote Pap Leon XIV gen plizyè aktivite enpòtan ki prevwa nan ajanda li. Soti 6 pou rive 17 novanm, li gen pou l vizite Irigwe, Ajantin ak Pewou nan kad yon vwayaj pastoral ann Amerik disid. Pou kounye a, sèvis pou laprès Vatikan an poko presize si operasyon an ak peryòd rekiperasyon an ap lakòz chanjman nan pwogram vwayaj sa a. Desizyon final la kapab depann de jan sante pontif la ap evolye apre entèvansyon chirijikal la.
Pandan fidèl katolik yo ap tann plis enfòmasyon sou sante chèf Legliz la, priyorite a rete operasyon an ak bon jan rekiperasyon li. Pwochen jou yo ap pèmèt Vatikan an bay plis presizyon sou swen li bezwen yo ak posiblite pou li kenbe angajman li te deja prevwa yo. Antretan, kestyon sou vwayaj pastoral li ann Amerik disid la rete an sispens.
pascalfleuristil2018@gmail.com

