Ayiti-Meteyo: Alèt jòn dekrete sou senk depatman nan peyi a
Yon sant ba presyon ki sitiye nan sant ak nan nòdwès lanmè Karayib la ap pote gwo lapli ak kout loray sou depatman Grandans, Sid, Nip, Sidès ak Lwès.
Nan jounen jedi 22 oktòb 2026 la, dapre sa Sant Nasyonal Metewoloji (SNM) fè konnen. Enpak move tan sa a ap kòmanse depi aprèmidi jedi a epi l ap kontinye jiska vandredi 23 oktòb la.
Selon respinsab yo lapli sa yo, ki ka rive ant 50 ak 100 milimèt epi ki akonpaye ak gwo van, gen posiblite pou yo pwovoke inondasyon ak glisman tè nan zòn ki pi frajil yo.
Fas ak sitiyasyon sa a, Inite Idwometeyowolojik (UHM), Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas yo (SPGRD) dekrete ALÈT JÒN sou senk depatman sa yo.
Nan sans sa a, responsab yo mande popilasyon an, sitou moun k ap viv nan zòn ki gen plis risk yo, pou yo rete vijilan epi respekte konsiy sekirite sa yo.
Swiv enfòmasyon ofisyèl yo: Toujou swiv bilten meteyo yo ak konsiy otorite yo atravè radyo ak televizyon. Evite koute rimè ak fo nouvèl;
Pwoteje dokiman enpòtan yo: Mete tout papye ak zafè enpòtan yo yon kote ki an sekirite pou dlo pa domaje yo oswa pote yo ale; Prepare pwovizyon nesesè: Genyen lakay yo dlo potab, manje ki pap gate fasil, medikaman, batri, flach ak yon radyo pòtab pou sizoka li ta enposib pou yo sòti; Evite zòn ki gen danje: Evite deplase ale nan mòn ni pre larivyè ak ravin lè lapli ap tonbe.
Nap fè remake maten jedi a yon van modere, ak yon lapli entèmitant tap tonbe sou vil la yon chanjman tanperati kite kòmanse vè 10zè lan maten.
Marcia MOÏSE moisemarcha@gmail.com

