Bayern Munich : Vincent Kompany entène lopital apre li fin tonbe malad nan yon seyans antrènman
Gwo enkyetid ap plane sou eta sante Vincent Kompany, antrenè Bayern Munich lan. Daprè enfòmasyon jounal Alman BILD ak medya Sky rapòte, teknisyen bèlj la te oblije ale lopital vandredi 23 oktòb 2026 la, apre li ta fin tonbe malad nan fen yon seyans antrènman. Pou kounye a, eta sante li ta estab.
Se yon sitiyasyon ki mete anpil enkyetid nan kan ekip alman an. Selon menm sous yo, Kompany ta pèdi fòs li epi tonbe apre antrènman ekip la. Sèvis ijans yo ta entèvni rapidman pou pran swen li, pandan yon doktè ijans te akonpaye l nan lopital la. Gen enfòmasyon ki fè konnen yon elikoptè ta menm ateri nan sant antrènman Bayern Munich lan, nan Säbener .
Pwoblèm sante sa a rive nan yon moman kote ansyen defansè entènasyonal bèlj la t ap lite depi kèk tan ak yon viris ki te afebli l anpil. Maladi sa a te deja fòse l diminye patisipasyon li nan preparasyon taktik ak analiz rankont ekip li a.
Pandan match Bayern Munich te jwe kont RB Leipzig la, Kompany te gen anpil difikilte pou dirije jwè li yo depi bò teren an. Sitiyasyon an te tèlman konplike pou li, li te oblije pran yon ti repo sou kanape ki te nan vestyè antrenè a pandan poz mitan match la.
Malgre kèk siy amelyorasyon yo te remake pandan rankont kont Arsenal la, antrenè a te deja fè konnen kò li t ap voye siyal ba li pou l ralanti ritm travay li. Deklarasyon sa a te montre pwoblèm sante li yo te toujou prezan, menm lè li te kontinye akonpaye ekip la.
Pou moman an, okenn detay ofisyèl pa disponib sou gravite maladi Vincent Kompany a ni sou kantite tan li ta kapab pase lwen teren foutbòl yo. Sky fè konnen sèlman antrenè a nan yon eta ki estab. Pandan y ap tann plis enfòmasyon, ensètitid la rete antye sou kapasite li pou reprann responsabilite li yo nan tèt Bayern Munich.

