Nò : Lapolis arete yon fanm nan Katye Moren apre li ta fòse yon timoun manje pwòp poupou l
Nöel Rose Asline se non dam sa ki tonbe anba men Lapolis nan komin Katye Moren, nan depatman Nò peyi Dayiti jodi vandredi 23 oktòb 2026 la, apre li ta fòse yon ti gason minè manje pwòp poupou li. Zak sa a, ki soulve anpil endiyasyon sou rezo sosyal yo, ta fèt apre fanm nan te jwenn timoun nan ap jwe ak pitit pa li lakay li.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, fanm nan te fache dèske ti gason an t ap jwe ak pitit li. Li ta egzije timoun nan pa janm pwoche bò kote pitit li ankò, anvan li te fòse l fè bezwen li nan yon bokit. Apre sa, li ta bay ti gason an lòd pou l manje yon pati nan poupou a, kòm pinisyon pou sa li te fè a.
Nan yon videyo ki dire yon minit 28 segonn, k ap sikile sou rezo sosyal yo, moun kapab tande yon vwa k ap di : « Lage yon bout kaka epi manje l. Chak fwa ou sonje ou manje twalèt ou, ou pap janm jwe ak pitanm . » Anvan timoun nan mete matyè fekal la nan bouch li, li te sipliye fanm nan pou l padone l, pandan li t ap pwomèt li pap janm fè sa ankò. Malgre siplikasyon sa yo, fanm nan ta menase touye l ak yon kouto si li refize obeyi.
Apre zak sa a, manm popilasyon an te mobilize pou alète Lapolis Katye Moren, ki te rive arete dam sa yo akize a. Selon enfòmasyon yo, Nöel Rose Asline twouve l kounye a anba men lajistis pou reponn ak akizasyon ki peze sou li yo. Dosye sa a relanse kesyon sou vyolans ak move tretman timoun ap sibi, ansanm ak nesesite pou otorite yo ranfòse pwoteksyon minè yo nan sosyete ayisyèn nan.

