Saturday, October 24, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Latibonit : Lapolis deplwaye ajan BRI nan Ti Rivyè apre atak gang Gran Grif la

Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) deplwaye plizyè ajan Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI) nan komin Ti Rivyè Latibonit, jedi 22 oktòb 2026 la. Deplwaman sa a fèt twa jou apre gang ame « Gran Grif » te lanse yon atak nan sant vil komin nan, lendi 19 oktòb la, kote bandi yo te vize komisarya polis la.

Daprè enfòmasyon jounal Radiographie rapòte, ajan BRI yo mennen plizyè entèvansyon nan zòn nan avèk sipò gwoup oto-defans yo ansanm ak kèk manm nan popilasyon sivil la. Plizyè videyo k ap sikile montre operasyon fòs lòd yo ap mennen nan kad efò pou reprann kontwòl espas kote bandi yo te tabli prezans yo.

Toujou daprè jounal la ki site yon sous nan lapolis, plizyè lokalite kote yo te remake prezans nèg ak zam yo pase anba kontwòl fòs lòd yo pou kounye a. Sepandan, okenn bilan ofisyèl sou operasyon sa yo poko kominike, pandan entèvansyon lapolis yo vize fè fas ak aktivite gang Gran Grif la nan komin Ti Rivyè Latibonit.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *