Kenya : Yon bilding 18 etaj kraze nan Naywobi, sekou mobilize pou chèche moun anba dekonm yo
Yon bilding 18 etaj ki te sou konstriksyon kraze vandredi 23 oktòb 2026, nan katye Eastleigh, nan Naywobi, kapital peyi Kenya. Aksidan an deklanche yon gwo operasyon sekou pou chèche moun ki ta ka bloke anba dekonm yo. Pandan otorite yo ap chèche detèmine kòz trajedi a, kesyon sou respè nòm konstriksyon yo deja soulve enkyetid.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, bilding nan te tonbe nan anviwon 1è nan aprèmidi, sou 9yèm Ri a, nan avni Yusuf Haji, yon zòn komèsyal kote gen anpil boutik ak kay. Nan moman aksidan an, travayè te toujou ap travay nan pati siperyè bilding nan, pandan kèk espas nan nivo ki pi ba yo te sèvi pou aktivite komèsyal. Polisye, sekouris ak ajan Lakwa Wouj Kenya te deplwaye sou plas, ansanm ak ekskavatris ak lòt ekipman pou retire debri yo. Nan yon bilan li pibliye vandredi a, Lakwa Wouj la fè konnen yo te transpòte de moun ki blese nan Lopital Nasyonal Kenyatta. Òganizasyon an presize tou yo te jwenn epi idantifye 26 moun ki te deja deklare disparèt. Operasyon rechèch yo te kontinye pou verifye si te gen lòt moun ki te rete anba dekonm yo.
Pi lwen pase operasyon sekou a, efondreman an relanse deba sou kontwòl chantye ak aplikasyon règleman sekirite nan Naywobi. Gouvènè vil la, Johnson Sakaja, fè konnen bilding nan te gen pèmi konstriksyon, men li pa t genyen sètifika ki otorize moun okipe li. Enfòmasyon sa a soulve kesyon sou kondisyon ki te pèmèt kèk komès fonksyone nan yon bilding ki poko te fini. Otorite yo anonse yo lanse ankèt pou detèmine sa ki lakòz efondreman an epi idantifye responsablite ki ta kapab egziste. Kòmandman polis la avèti tou nenpòt moun ankèt la ta jwenn ki fè neglijans kapab fè fas ak pouswit jidisyè.
Pou kounye a, otorite yo poko etabli kòz egzak efondreman an, pandan operasyon sekou ak verifikasyon yo ap kontinye. Rezilta ankèt la ap enpòtan pou klarifye si gen mankman nan aplikasyon nòm konstriksyon yo oswa nan mezi sekirite ki te dwe pwoteje travayè ak moun ki t ap frekante lokal la. Trajedi sa a mete yon lòt fwa ankò aksan sou nesesite pou ranfòse siveyans konstriksyon yo nan yon kapital kote bilding plizyè etaj ap miltipliye.
pascalfleuristil2018@gmail.com

