Saturday, October 24, 2026
ACTUALITÉSPOLITIQUE

Ayiti : Alix Didier Fils-Aimé fè yon lòt vwayaj an kachèt nan yon kontèks tansyon diplomatik

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé kite peyi Dayiti nan aswè jedi 22 oktòb 2026 la pou ale Meksik. Se dezyèm deplasman chèf gouvènman an fè nan espas de semèn, san twòp eksplikasyon piblik, pandan relasyon diplomatik ant otorite ayisyen yo ak kèk patnè entènasyonal sanble ap travèse yon peryòd difisil. Avan Meksik, se nan peyi Etazini premye minis ayisyen an te rann li.

Nouvo deplasman sa a fèt nan yon moman kote chanjman gouvènman an pote nan dekrè elektoral la ap soulve anpil kesyon. Anbasadè peyi Espay ak reprezantan Inyon Ewopeyèn nan ta pran distans yo parapò ak dispozisyon ki modifye yo. Chanjman sa yo ta kapab pèmèt kèk pèsonalite ki gen yon pase kontwovèse patisipe nan eleksyon yo, yon sitiyasyon ki lakòz enkyetid sou fason pwosesis elektoral la ap dewoule.

Daprè jounalis ameriken Jake Johnston, dirijan ayisyen an ta rann li nan kapital peyi Meksik pou al patisipe nan yon evènman familyal. Se ta maryaj yon pitit li daprè kèk lòt sous.

Avan sa, Radio Télé Métronome, ki site yon sous li genyen, te fè konnen se Wachintonn Alix Didier Fils-Aimé te rann li an ijans sou konvokasyon otorite amerikèn yo. Menm sous sa fè konnen pozisyon diplomatik Etazini anvè gouvènman ayisyen an ta kòmanse chanje tou. Sepandan, jouk kounye a, pa gen okenn konfimasyon ofisyèl ki pèmèt konnen rezon egzak vwayaj sa a, ni ki dosye chèf gouvènman an ta dwe diskite ak responsab ameriken yo.

Dezyèm deplasman sa a soulve plis kesyon sou vwayaj Fils-Aimé yo pandan peyi a kontinye ap fè fas ak yon kriz sekirite ak enstitisyonèl ki grav. Pandan otorite yo ap mete aksan sou òganizasyon eleksyon, modifikasyon dekrè elektoral la kontinye ap alimante deba. Absans eksplikasyon ofisyèl sou vwayaj Premye Minis la kite tou anpil ensètitid sou evolisyon relasyon ant Pòtoprens ak prensipal patnè entènasyonal li yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *