Digicel fè fas ak yon nouvo pàn nan rezo li an
Pàn rezo repete sou Digicel, lendi 12 oktòb 2026, sa leve yon lòt vag enkyetid lakay abòne yo, sèlman yon semèn apre konpayi an te ofri 1 Go entènèt ki te valab jiska minwi kòm yon jès pou mande kliyan li yo eskiz apre yon entèripsyon sèvis ki te dire plis pase 24 èdtan. Sitiyasyon sa a relanse deba sou kalite sèvis konpayi an ap bay la ak responsablite otorite regilasyon yo.
Dapre sa redaksyon an konstate, pwoblèm nan pa sèlman chita sou lefètke rezo a konn tonbe, men tou sou frekans pann yo ak konsekans yo genyen sou lavi chak jou abònen yo. Nan yon peyi kote entènèt ak telefòn mobil jwe yon wòl enpòtan nan kominikasyon, travay, enfòmasyon ak aktivite ekonomik, chak entèripsyon ka mete anpil moun nan difikilte. Jean-Philippe Brun, direktè jeneral Digicel la, sanble ap fè fas ak gwo defi pou garanti yon sèvis ki estab. Pandan kliyan yo kontinye resevwa mesaj eskiz apre chak ensidan, anpil nan yo ta pito wè mezi teknik ki efikas, amelyorasyon enfrastrikti ak solisyon ki kapab anpeche menm pwoblèm yo repete.
Nan kontèks sa a, kesyon responsablite Konsèy Nasyonal Telekominikasyon yo, CONATEL, vin pi enpòtan toujou. Antanke enstitisyon ki responsab reglemante sektè telekominikasyon an ann Ayiti, ki dispozisyon li prevwa pou pwoteje enterè konsomatè yo lè yon operatè pa rive bay yon sèvis ki satisfè bezwen yo? Èske gen mekanis kontwòl, evalyasyon ak sanksyon ki kapab ankouraje operatè yo respekte obligasyon yo anvè kliyan yo? Jiskaprezan, se kesyon sa yo ki merite repons klè nan men otorite konsène yo, san nou pa sipoze gen neglijans oswa vyolasyon anvan yon verifikasyon fèt.
Nan yon mache telekominikasyon ki dwe sèvi popilasyon an, eskiz pa kapab ranplase bon jan sèvis. Yon ti kantite entènèt gratis ka soulaje fristrasyon kèk kliyan pandan yon ti tan, men li pa rezoud pwoblèm fondamantal la. Abònen yo bezwen yon rezo ki fyab, yon kominikasyon transparan sou kòz pann yo ak mezi konkrè pou amelyore sèvis la. Kounye a, se sou kapasite Digicel pou korije pwoblèm sa yo ak sou volonte CONATEL pou egzèse wòl regilatè li a anpil moun ap tann pou yo jije sitiyasyon an.
pascalfleuristil2018@gmail.com

