Monday, October 12, 2026
ACTUALITÉSSPORT

Gouvènman an anvizaje konstwi yon estad foutbòl modèn nan vil Okay

Pwojè konstriksyon yon estad foutbòl modèn nan vil Okay, nan depatman Sid peyi a, ap fè wout li nan nivo evalyasyon. Samdi 10 oktòb 2026 la, yon delegasyon Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), ki te gen nan tèt li minis Pythagore Dumas, te vizite Pak Lako pou yon dezyèm fwa, nan lide pou evalye espas ki prevwa resevwa enfrastrikti espòtif sa a. Sepandan, gen plizyè defi ki rete pou otorite yo rezoud anvan pwojè a ta ka antre nan faz reyalizasyon.

Dapre enfòmasyon ki nan yon kominike MJSAC pibliye, gouvènman an ap etidye divès posiblite pou pwojè a kapab abouti. Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ap patisipe nan demach ki vize rezoud yon konfli tè ki anpeche Pak Lako fonksyone nòmalman depi anviwon dizan. Ministè a fè konnen objektif la se bati yon estad ki satisfè egzijans Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon an (FIFA), yon fason pou seleksyon nasyonal ayisyen yo kapab resevwa ekip advès yo sou tè peyi a. Pou kounye a, otorite yo poko bay okenn detay sou bidjè pwojè a, kapasite estad la oswa dat travay konstriksyon yo ta dwe kòmanse.

Pwojè sa a parèt nan yon moman kote foutbòl ayisyen ap fè fas ak gwo difikilte akoz ensekirite. Sa gen anviwon dizan depi seleksyon nasyonal yo pa kapab resevwa advèsè yo nan kondisyon nòmal devan piblik ayisyen an. Estad Sylvio-Cator, ki te prensipal espas peyi a te genyen pou òganize gwo rankont foutbòl entènasyonal, vin pa aksesib akoz vyolans gwoup ame ki asosye ak Viv Ansanm. Sitiyasyon sa a oblije ekip nasyonal yo jwe rankont yo aletranje, sa ki mete sipòtè ayisyen yo lwen youn nan pi gwo moman yo konn tann nan espò a.

Men, ant anonse yon pwojè ak reyalize li, gen yon distans otorite yo dwe franchi. Rezoud konfli tè a, jwenn finansman ki nesesè a epi respekte egzijans FIFA yo se kèk nan gwo kondisyon ki pral detèmine avni inisyativ sa a. Si pwojè a ta rive konkretize, estad Okay la ta kapab kontribye nan devlopman foutbòl nan depatman Sid la epi bay peyi a yon lòt espas pou òganize konpetisyon entènasyonal. Jiskaske gouvènman an prezante yon plan finansman ak yon kalandriye travay klè, konstriksyon estad la rete nan etap etid ak evalyasyon.

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *