Sunday, October 11, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Etazini : Yon Ayisyen devan lajistis apre yon aksidan ki touye yon timoun 9 lane nan Indianapolis

Yon sitwayen ayisyen ki rele Franck Anderson Bazil, 31 lane, parèt douvan yon tribinal nan Indianapolis, Ozetazini, jedi 8 oktòb 2026, nan kad yon dosye aksidan sikilasyon ki lakòz lanmò yon timoun 9 lane epi kite ti frè viktim nan, ki gen 6 lane, blese grav. Akize a deklare li pa koupab de akizasyon lajistis mete sou do li yo.

Daprè enfòmasyon medya ameriken WRTV rapòte, aksidan an te fèt dimanch 4 oktòb 2026, nan zòn Eagle Pointe Drive North. De timoun yo te viktim pandan yon machin Ford SUV nwa te frape yo. Pi gran an, Roland Jerome McLain III, pèdi lavi li, alòske ti frè li a sibi gwo blesi. Apre dram nan, chofè a ta kite kote aksidan an te fèt la, pandan machin li te rete sou plas. Lapolis te rive arete Franck Anderson Bazil anviwon dezèdtan apre.

Devan lajistis, sitwayen ayisyen an ap fè fas ak de akizasyon ki gen rapò ak lefètke li pa t rete sou plas pou pote asistans apre aksidan an. Premye a konsène yon aksidan ki lakòz lanmò yon moun, tandiske dezyèm nan gen rapò ak blesi grav yon lòt viktim sibi. Nan premye konparisyon li devan tribinal la, jij la fikse yon kosyon 50 000 dola ameriken pou pèmèt li jwenn liberasyon pwovizwa.

Sepandan, sitiyasyon Franck Anderson Bazil la vin pi konplike akoz entèvansyon sèvis imigrasyon ameriken an (ICE). Daprè menm sous la, ajans federal sa a mete yon demann retansyon sou non li, pou otorite yo kenbe l disponib pou sèvis imigrasyon an. Mezi sa a kapab anpeche li jwenn liberasyon li menm si li ta peye kosyon tribinal la egzije a. Pou kounye a, akizasyon yo rete pou lajistis egzamine, pandan prensip prezompsyon inosans lan kontinye aplike pou sitwayen ayisyen an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *