Virginia Fonseca ak Vinicius Jr. mete fen ofisyèlman nan relasyon amourez yo
Relasyon amourez ki te mare enfliyansèz brezilyèn Virginia Fonseca ak Vinicius Júnior, vedèt foutbòl Reyal Madrid la, rive nan bout li. Ekip kominikasyon enfliyansèz la konfime separasyon an dimanch sa a bay CNN Brasil. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, desizyon sa a pa soti nan okenn gwo diskisyon oswa konfli ant de pèsonalite yo.
Dènye nouvèl sa a mete fen nan plizyè espekilasyon sou avni koup la. Selon antouraj Virginia Fonseca, de moun yo separe san eskandal ni chirepit. Sepandan, okenn nan yo poko bay anpil detay pèsonèl sou rezon ki pouse yo pran desizyon sa a. Relasyon yo te atire anpil atansyon sou rezo sosyal yo, sitou akoz popilarite enfliyansè a ak plas Vinicius Jr. okipe nan foutbòl entènasyonal la.
Se pa premye fwa relasyon sa a pase anba eprèv. Apre yon premye separasyon, de pèsonalite yo te rekòmanse relasyon an nan mwa jiyè 2026, sa ki te fè anpil moun kwè yo te deside bay lanmou yo yon lòt chans. Yo te menm fè echanj bag nan mwa septanm nan, yon jès ki te sanble montre relasyon an t ap pran yon nouvo direksyon. Men, kèk semèn apre, koup la deside pran chemen pa yo.
Yon istwa lanmou ki te deja fè anpil pale ap fèmen yon nouvo chapit. Pandan fanatik yo ap chèche konprann sa ki pase, pa gen okenn lòt detay ofisyèl ki pèmèt konfime rezon ki dèyè separasyon an. Pou kounye a, sa ki klè se ke Virginia Fonseca ak Vinicius Jr. pa kontinye avanti amoure yo ansanm, malgre rekonsilyasyon ki te fè anpil moun espere yon lòt fen pou istwa a.
pascalfleuristil2018@gmail.com

