Sunday, October 11, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Etazini : Christa Pike, ki te chape anba yon ekzekisyon ak piki letal, retounen nan prizon

Christa Pike, yon Ameriken ki gen 50 lane, ki te siviv apre otorite yo te eseye egzekite l pa piki letal nan eta Tennessee, kite lopital la pou l retounen nan prizon, avoka li yo anonse samdi 10 oktòb 2026 la. Apre plizyè jou entène lopital, yo transfere l nan Debra K. Johnson Rehabilitation Center, prizon pou fanm kote li te pase 30 ane nan detansyon.

Nan yon kominike, avoka Pike yo fè konnen kliyan yo a kontinye ap resevwa swen medikal nan prizon an. Yo remèsye premye sekouris yo ansanm ak ekip medikal ki te pran swen li apre evènman san parèy sa a. Eta sante fanm nan te grav anpil, rive nan yon moman kote avoka li yo pa t kwè li t ap rive siviv.

Tantativ ekzekisyon an te fèt 30 septanm 2026, apre kondanasyon Pike pou asasina kamarad lekòl li, Colleen Slemmer, ki te gen 19 lane lè li te mouri an 1995. Daprè avoka Pike yo, otorite yo te administre li de dòz pentobarbital, yon sibstans yo itilize nan pwosedi ekzekisyon pa piki letal. Nan yon moman, li te oblije mete sou aparèy respirasyon, men li te rive reprann konesans, pale epi kòmanse mache avèk asistans.

Jiskaprezan, otorite prizon Tennessee yo poko bay eksplikasyon sou sa ki te lakòz tantativ ekzekisyon an echwe. Espesyalis nan domèn medikal ak nan metòd ekzekisyon pa piki letal yo sispèk te kapab gen yon pwoblèm nan enstalasyon liy pèfizyon yo, sa ki ta anpeche pwodui a antre nòmalman nan san Pike. Nan yon dokiman depoze devan tribinal, avoka li yo fè konnen ekip ki t ap egzekite operasyon an sanble pa t remake liy pèfizyon yo pa t byen plase. Daprè Death Penalty Information Center, Christa Pike se premye moun yo konnen ki rive siviv aprè yo fin administre li sibstans ki te dwe lakòz lanmò li nan kad yon ekzekisyon pa piki letal.

Echèk ekzekisyon sa a relanse deba sou fason otorite yo aplike pèn lanmò nan Tennessee. Gouvènè eta a, Bill Lee, deja ranvwaye sèl lòt ekzekisyon ki te prevwa pou ane 2026 la epi li bay lòd pou otorite yo mennen ankèt sou sa ki te pase a. Chèf administrasyon prizon eta a demisyone tou apre ensidan an. Pandan pwosedi ekzekisyon an, lè yo te mande Pike si li te gen dènye pawòl pou l di, li te deklare li anpè. Anviwon senk minit apre, li leve tèt li pou l di bra li t ap fè l mal. Apre sa, li te sanble pèdi konesans, pandan temwen yo te kontinye tande respirasyon li anvan yo te fè yo soti nan sal la. Yon anbilans te mennen l lopital, kote li te resevwa swen anvan li retounen nan prizon.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *