Friday, October 9, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Kenskòf : majistra Massillon Jean mouri, CAN ak pwòch li yo bay vèsyon diferan sou entèvansyon an

Majistra Kenskòf la, Massillon Jean, mouri vandredi 9 oktòb 2026 la apre li te viktim yon malèz. Dapre direktè jeneral Sant Anbilans Nasyonal la (CAN), Ricardo Jean Baptiste, yo te jwenn anbilans ki te vin pote majistra a sekou a nan zòn Douèt, nan komin Kenskòf, ak kò majistra a san vi. Li presize majistra a te rann dènye souf li sou wout lopital la, daprè enfòmasyon li bay Radiographieht.com.

Apre piblikasyon yon atik ki te rapòte difikilte pou jwenn yon anbilans pou majistra a, Ricardo Jean Baptiste kontakte redaksyon jounal nou sot site a pou bay eksplikasyon sou entèvansyon an. Li fè konnen li te voye yon ekip ijans sou plas la apre li te resevwa enfòmasyon sou sitiyasyon an, yon ti tan apre 4è nan aprèmidi. Direktè jeneral la rejte nenpòt responsablite nan reta pwòch majistra a te denonse a, pandan li soutni se apre 4è li te aprann sa k te pase a.

Bò kote pa yo, kèk pwòch Massillon Jean dekri yon sitiyasyon dezespwa. Yo fè konnen li te deja difisil pou jwenn siy vital majistra a anvan yo te mete l nan anbilans lan. Temwayaj sa yo soulve kesyon sou sikonstans ki antoure swen medikal yo t ap eseye bay majistra a, pandan direktè jeneral CAN nan kontinye defann fason ak lè sèvis li yo te entèvni.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *