Friday, October 9, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Brezil : Plizyè jèn kandida pran plas nan Palman an, yon egzanp ki relanse deba sou patisipasyon politik jèn yo ann Ayiti

Eleksyon lejislatif ki dewoule nan peyi Bretzil dimanch 4 oktòb 2026 la mete yon nouvo jenerasyon sou sèn politik la. Plizyè jèn kandida rive jwenn konfyans elektè yo pou antre nan Palman an. Rezilta sa yo relanse kesyon sou plas jèn yo nan dirije peyi yo, sitou ann Ayiti, kote kriz politik, ensekirite ak pwoblèm gouvènans kontinye limite posiblite pou anpil jèn patisipe nan desizyon piblik yo.

Dapre enfòmasyon ki rapòte, Alvimho Lira, ki gen 20 an, vin pi jèn depite nan listwa Brezil. Ana Elisa, yon etidyan dwa ki gen 21 an, antre nan listwa tou kòm pi jèn fanm ki janm eli depite nan peyi sa a. Sandro Folho, ki gen 21 an, fè pati nouvo palmantè yo tou. Gen lòt jèn, tankou Guillaume Kilter ak Julia Castro, ki gen 24 an, ansanm ak Thiago Medina, ki gen 23 an, ki reyisi jwenn plas yo nan enstitisyon lejislatif la. Rezilta sa yo montre laj pa oblije yon baryè pou antre nan politik, depi kandida yo rive jwenn sipò elektè yo epi prezante yon pwojè ki ka konvenk popilasyon an.

Ann Ayiti, sitiyasyon an poze yon lòt seri kesyon. Pandan peyi a ap travèse yon kriz politik ak sekirite ki pwofon, patisipasyon jèn yo nan lavi piblik la rete yon gwo defi. Sepandan, pou jèn ayisyen yo antre pi plis nan enstitisyon yo, li pa sifi pou mande yo pran responsabilite. Fòk gen kondisyon ki favorize patisipasyon yo, aksè ekitab nan konpetisyon elektoral la, plis transparans ak yon espas kote lide yo ka defann san presyon ni entimidasyon.

Eksperyans Brezil la voye yon mesaj ki merite refleksyon ann Ayiti: avni politik yon peyi pa dwe rete nan men yon sèl jenerasyon. Men, chanjman an pa mezire sèlman ak kantite jèn ki eli; li mezire tou ak kalite lidèchip yo, respè prensip demokratik yo ak rezilta yo pote pou popilasyon an. Kesyon an rete poze: ki lè jèn ayisyen yo ap jwenn pi gwo plas yo nan desizyon k ap trase avni peyi a?

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *