Friday, October 9, 2026
ACTUALITÉSCulture

Sidès-Kilti: KONZAKA ap pare l pou l selebre fèt mò yo ak lespri mò yo avèk anpil aklat

Se anba tèm: “Vodou se rasin Ayiti nou vle a”, Kongregasyon Zanfan Ayisyen pou kore Ayiti (KONZAKA), nan okazyon 28 lane eksistans li, ki marye ak fèt Mò ak Lespri Mò yo (Gede) envite tout Moun vini selebre atravè pwosesyon tradisyonèl yo nan lari vil Jakmèl, dimanch 1er novanm 2026 k ap vini la a.

Soti 27 oktòb rive 1ye novanm 2026, nan vil Jakmèl, KONZAKA ap reyalize plizyè aktivite, selon Sekretè Jeneral ak Responsab kominikasyon estrikti vodouwèsk sa a, Oungan Lesly Kazak Décembre.

Pami ansanm aktivite yo genyen: Konferans:” Deba, Wonble, Sware Bawon l, Tanbou, Gede, Teyat, Dans, Pèfòmans,”.

Pwosesyon k ap soti Kafou “Au Ras Mort” tout moun konnen sou non Kafou “Anba Zanmann”.

Selon Oungan Lesly Décembre, aktivite sa a ap yon gwo randevou pou selebre kilti, rasin, tradisyon ak Vodou a.

Li pale de ansanm gwo pwogrè ki fèt pou chanje figi sektè a, epi li di y ap kontinye travay pou KONZAKA vanse pi fouvan AK kilti a.

Pandan li pa t kache lajwa l pou 28 lane estrikti l ap dirije a genyen depi l ap sèvi kilti ak rasin Ayiti, li pwomèt pou l kontinye avanse epi kenbe tradisyon an, ki se rasin ak fòs peyi d Ayiti.

Marcia MOÏSE moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Marcia MOISE

Marcia MOISE Journaliste, présentatrice, responsable de la rubrique  « À la découverte ». Une passionnée du journalisme.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *