Brezil : Ana Elisa, yon depite 21 an, denonse menas lanmò ak vyòl
Ana Elisa, yon jèn fanm 21 an ki fèk eli kòm depite nan peyi Brezil, fè konnen li viktim anba menas lanmò ak vyòl, ansanm ak atak ki gen rapò ak koulè po li ak sèks li. Kandida Pati Travayè yo (PT) a te ranmase plis pase 500 000 vòt nan eta Minas Gerais pandan eleksyon lejislatif ki te dewoule 4 oktòb la.
Pami lòt zak li denonse yo, gen piblikasyon enfòmasyon pèsonèl li sou entènèt, tankou adrès kote li rete ak nimewo telefòn li. Devan gravite sitiyasyon an, lapolis sivil nan Minas Gerais te resevwa demann pou mennen ankèt sou menas sa yo. Otorite yo prevwa tou dispozisyon pou pwoteje sekirite jèn depite a. Nan menm moman an, Ana Elisa ap patisipe nan aktivite kanpay prezidan Luiz Inácio Lula da Silva pou dezyèm tou eleksyon prezidansyèl la. Dapre sa li rapòte, menas yo vin pi plis depi li kòmanse angaje l nan kanpay politik bò kote prezidan an.
Jiskaprezan, poko gen enfòmasyon ki pèmèt idantifye moun ki dèyè menas sa yo ni etabli tout rezon ki ta ka esplike zak sa yo. Se ankèt lapolis la ki pral gen pou detèmine responsablite chak moun ki ta enplike. Pandanstan, ka Ana Elisa a mete aksan sou danje fanm ki angaje yo nan politik kapab rankontre, sitou lè yo sibi entimidasyon ki chita sou sèks yo oswa koulè po yo.
pascalfleuristil2018@gmail.com

