Navi Pillay ranpòte Pri Nobèl Lapè 2026 pou angajman li nan defans dwa entènasyonal
Jiris sidafriken Navanethem « Navi » Pillay resevwa Pri Nobèl Lapè 2026 a, vandredi 9 oktòb, pou kontribisyon li nan pwomosyon lapè ak respè dwa entènasyonal. Ansyen responsab Nasyonzini pou dwa moun sa a, ki gen 85 an, pase plizyè dizèn lane ap defann diyite moun, konbat diskriminasyon epi travay pou rann responsab moun ki enplike nan krim grav.
Navi Pillay fèt nan Durban, nan peyi Afrik di Sid, nan yon fanmi ki gen orijin tamoul endyen, nan yon epòk kote sistèm apated la t ap enpoze diskriminasyon rasyal sou popilasyon an. Li te chwazi metye avoka pou defann moun ki t ap goumen kont sistèm sa a, pami yo Nelson Mandela ak lòt militan anti-apated. Apre sa, li te antre nan sistèm jidisyè a, kote li te okipe plizyè gwo fonksyon nan enstitisyon entènasyonal yo. Li te sèvi kòm jij nan Tribinal Penal Entènasyonal pou Rwanda ak nan Tribinal Penal Entènasyonal la, epi li te dirije Komisyon Nasyonzini pou dwa moun ant 2008 ak 2014. Travay li nan dosye jenosid Rwanda a te kontribye nan fè rekonèt vyòl ak vyolans seksyèl kapab konstitye krim kont limanite ak zak jenosid.
Lè Komite Nobèl Nòvej la te anonse desizyon li an, li mete aksan sou angajman ak kouraj Navi Pillay nan defans prensip legal ki dwe aplike pou tout moun ak tout peyi. Distinksyon sa a vini nan yon moman kote plizyè enstitisyon entènasyonal ap fè fas ak presyon politik. Pillay te dirije tou yon komisyon ankèt Nasyonzini ki, nan yon rapò pibliye an 2025, te konkli Izrayèl te komèt jenosid nan Gaza; yon konklizyon otorite izrayelyen yo rejte. Jounen jodi a, li se yon jij nan yon dosye devan Tribinal Entènasyonal Jistis la kote Myanma ap fè fas ak akizasyon jenosid kont minorite woyinga a.
Avèk rekonpans sa a, Komite Nobèl la voye yon mesaj sou enpòtans jistis nan konstriksyon lapè. Nan yon mond kote konfli ame, vyolasyon dwa moun ak tansyon ant gwo pouvwa yo kontinye ap ogmante, distenksyon Navi Pillay la raple nesesite pou leta ak moun ki gen pouvwa respekte lalwa. Paske, jan filozofi rekonpans sa a mete aksan sou li, lapè pa ka chita sèlman sou akò politik oswa fòs militè; li mande jistis, respè dwa moun ak responsabilite devan lalwa.
pascalfleuristil2018@gmail.com

