Kanada mande pou entegrite ak transparans nan pwochen eleksyon ann Ayiti
Nan yon deklarasyon sou entegrite pwosesis elektoral la ann Ayiti ki pibliye sou paj Anbasad Kanada nan peyi Dayiti jounen vandredi 30 oktòb la, gouvènman Kanada eksprime enkyetid li konsènan posiblite pou moun ki anba sanksyon entènasyonal akoz vyolans, koripsyon ak lòt zak grav ta patisipe nan pwochen eleksyon yo. Peyi a mande otorite ayisyen yo, sitou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), pou yo garanti respè lalwa epi prezève kredibilite pwosesis elektoral la.
Kanada estime prezans moun ki anba sanksyon entènasyonal sou lis kandida yo kapab febli konfyans popilasyon an nan eleksyon yo epi mete an danje efò k ap fèt pou retabli yon gouvènans demokratik ann Ayiti. Dapre otorite kanadyen yo, sanksyon sa yo konsène moun ki ta enplike nan aktivite tankou kolaborasyon ak rezo kriminèl ak gang ame, koripsyon, trafik ilegal, blanchi lajan oswa vyolasyon dwa moun. Ottawa ensiste sou nesesite pou kontinye aplike mezi sa yo, pandan li raple fonksyon elektif yo mande yon nivo entegrite ak responsablite ki wo anpil, sitou akoz pouvwa ak resous piblik moun ki eli yo gen pou jere.
Nan menm deklarasyon an, Kanada lanse yon apèl bay otorite ayisyen yo ak tout aktè politik yo pou yo mete respè lalwa, transparans ak enterè jeneral peyi a nan sant demach yo. Peyi a souliye enpòtans pou kandida yo kapab egzèse responsablite piblik yo san antrav ki ta soti nan sanksyon oswa lòt mezi entènasyonal. Li raple tou se pèp ayisyen an ki dwe deside avni li atravè eleksyon ki reflete volonte li, pandan li renouvle angajman li pou soutni efò k ap fèt pou ranfòse enstitisyon demokratik yo epi kreye kondisyon pou eleksyon ki kredib ak pasifik.
Avèk pozisyon sa a, Kanada mete kesyon entegrite kandida yo ak kredibilite eleksyon yo nan mitan gwo defi tranzisyon demokratik ann Ayiti a. Rete pou otorite elektoral yo montre nan ki mezi y ap aplike prensip sa yo, pandan popilasyon an ap tann yon pwosesis kote lalwa aplike pou tout moun san patipri epi kote enterè nasyon an pase anvan enterè pèsonèl oswa politik.

