Friday, October 30, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Bèsi : Plis pase yon dizèn bandi tonbebnan yon operasyon lapolis, Galaxy pami viktim yo

Yon operasyon lapolis nan zòn Bèsi, lokalite limitwòf ant komin Akayè ak Kabarè, jedi 29 oktòb 2026 la, ta lakòz lanmò plis pase yon dizèn bandi, pami yo yon chèf gang yo konnen sou non Galaxy. Plizyè lòt sispèk blese, dapre enfòmasyon yon sous polisyè bay.

Fòs lòd yo pase alaksyon nan Bèsi nan kad efò y ap fè pou mete gwoup ame yo deyò nan zòn nan. Dapre yon sous polisyè, bilan pwovizwa operasyon an fè eta de plis pase dis bandi ki mouri, pami yo Galaxy, ansanm ak plizyè lòt ki blese. Otorite polisyè yo parèt detèmine pou kontinye entèvansyon yo pou redui enfliyans gwoup ame yo epi ranfòse sekirite nan zòn nan. Sepandan, detay sou sikonstans egzak operasyon an ak bilan ofisyèl la poko disponib.

« Nou pap kanpe sou operasyon », se deklarasyon yon sous polisyè ki montre volonte fòs lòd yo pou kenbe presyon sou bandi yo nan Bèsi. Popilasyon an rete nan atant pandan operasyon sekirite yo ap kontinye, nan objektif pou retabli lòd ak sekirite nan zòn nan.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *