Plis pase 2 000 sòlda salvadoryen deja ann Ayiti, Alix Didier Fils-Aimé fè premye echanj telefòn ak Nayib Bukele
Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, fè premye konvèsasyon telefòn li ak prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, sou deplwaman sòlda salvadoryen yo ann Ayiti ak rechèch k ap fèt pou jwenn kat militè salvadoryen ki disparèt depi 18 oktòb 2026. Dapre yon kominike Ministè Afè Etranjè peyi Salvadò a, plis pase 2 000 sòlda salvadoryen deja prezan sou tèritwa ayisyen an.
Dapre enfòmasyon ki sòti nan yon kominike Laprimati se ekip teknik ak operasyonèl de peyi yo ki t ap asire kowòdinasyon an anvan premye echanj dirèk sa a ant 2 chèf egzekitif yo. 2 minis afè etranjè yo te deja gen chita pale sou sitiyasyon an, sitou apre disparisyon kat militè salvadoryen yo nan dat 18 oktòb la. Konvèsasyon ant Fils-Aimé ak Bukele a mete aksan sou enpòtans kowòdinasyon ant Pòtoprens ak San Salvadò nan moman operasyon rechèch yo ap kontinye.
Prezans plis pase 2 000 sòlda salvadoryen ann Ayiti make yon etap enpòtan nan angajman peyi Salvadò a nan kriz sekirite ayisyen an. Sepandan, kesyon ki rete nan sant atansyon an se jwenn kat militè ki disparèt yo epi konnen ki rezilta deplwaman fòs sa yo pral pote nan batay kont ensekirite a. Otorite ayisyen ak salvadoryen yo ap fè fas ak defi pou kowòdone operasyon yo nan yon kontèks kote popilasyon an ap tann mezi konkrè pou retabli sekirite ak estabilite nan peyi a.
pascalfleuristil2018@gmail.com

