Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSÉconomieGovernment

Bidjè 2025-2026: Gouvènman an prezante yon plan 345 milya goud pou relanse ekonomi an

Gouvènman ayisyen an adopte bidjè 2025-2026 la, ki evalye a 345 milya goud, pandan yon sesyon Konsèy Minis nan Palè Nasyonal jounen jedi 9 oktòb 2025 la. Bidjè sa a mete aksan sou twa priyorite kle: sekirite, edikasyon ak preparasyon pou eleksyon, pandan li vize ankouraje yon kwasans ekonomik modès ak kontwole enflasyon nan peyi a.

Daprè plan gouvènman an, yo espere yon kwasans PIB 0,3 % epi yon enflasyon 23,4 % nan fen peryòd la. Apeprè 70 % nan depans yo ap finanse atravè rekèt fiskal ak ladwàn, yon demach ki vize ogmante endepandans finansye leta. Bidjè sa a gen pou objektif sèvi kòm yon zouti pou refòme finans piblik yo, ankouraje yon pi bon distribisyon resous, epi sipòte sektè estratejik yo nan peyi a.

Gouvènman an mete aksan sou nesesite pou ranfòse sekirite, amelyore sistèm edikasyon an epi prepare eleksyon k ap vini yo. Bidjè a pwomèt yon itilizasyon plis rasyonèl nan fon piblik yo, ak yon ogmantasyon nan transparans ak efikasite nan fason resous yo distribye pou satisfè bezwen popilasyon an.

Malgre yon kontèks ensèten ak ensekirite, kote te gen tire zam toupre Chanm de Mars pandan sesyon Konsèy Minis la, bidjè 345 milya goud sa a reprezante yon efò pou relanse ekonomi peyi a ak montre detèminasyon gouvènman an pou fè fas ak defi yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.