Pati Politik INI-AYITI genyen 30 mil aderan ak senpatizan
Aprè sis mwa mobilizasyon, pati politik Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon Nasyonal (INI-AYITI), atravè yon nòt pou laprès biwo kominikasyon Lidè Nasyonal lan, Jean Clarens Renvois, mete deyò jounen lendi 26 oktòb 2026 la, anonse yo rive franchi ba 30 000 aderan ak senpatizan yo rive nan dat samdi 24 oktòb 2026 la, presizeman a 23h20.
Rezilta sa a se aboutisman sis mwa travay sou teren, mobilizasyon ak kòlèk done ki fèt pa manm ak responsab pati a atravè peyi a.
Pandan peryòd sa a, ekip yo te mobilize pou rekeyi non ak Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Unik (NINU) aderan ak senpatizan yo nan kad pwosesis anrejistreman estrikti piblik yo.
Etap sa a se yon gwo pa enpòtan nan kad devlopman òganizasyonèl ak enplantasyon teritoryal pati INI an. Sa demontre gwo efò responsab depatmantal, kominal ak lokal yo, kowòdonatè yo, militan yo ansanm ak tout senpatizan yo konsanti pou reyalizasyon objektif sa a.
Se okazyon pou direksyon nasyonal pati a adrese remèsiman sensè l bay tout moun ki, daprè yon fason osinon yon lòt, te patisipe nan mobilizasyon an. Li souliye rezilta sa a se anvan tout bagay fwi yon angajman kolektif, yon travay an ekip ak yon volonte komin pou ranfòse prezans pati a sou ansanm teritwa nasyonal la.
Pati a reyafime volonte l pou l rapousuiv travay restriktirasyon l, pou l elaji baz militan l epi konsolide enplantasyon l nan diferan kominote nan peyi a.
Aprè sis mwa efò ak mobilizasyon, franchisman kap 30 000 aderan ak senpatizan an se yon gwo avanse enpòtan nan chimen pati politik INI-AYITI ak nan gwo pouswit angajman politik li.
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

