Bèsi anba kout zam: anviwon dis moun mouri, popilasyon Vinye ak Sou Rigòl kouri kite zòn nan
Sitiyasyon sekirite a rete kritik nan zòn Bèsi, kote Lapolis ak brigadye yo ap konfwonte bandi nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm depi anviwon 3 è nan maten. Dapre majistra prensipal Akayè a, Wilner René, yon dizèn moun deja pèdi lavi yo anba bal nan kad vyolans sa a. Pandan echanj kout zam yo ap kontinye, popilasyon Vinye ak Sou Rigòl ap kouri kite zòn sa yo, kote gwoup ame yo ta sanble ap egzèse kontwòl pou moman an.
Dapre enfòmasyon majistra a bay, atak yo mete lavi rezidan yo an danje epi pouse anpil fanmi kite kay yo pou chèche refij lòt kote. Sitiyasyon an vin pi mangonmen pandan gwoup kriminèl yo ap tante anvayi komin Akayè. Fwon konfwontasyon sa a mete popilasyon an nan yon pozisyon difisil, sitou pou moun ki oblije kite tout sa yo posede dèyè pou yo chape anba vyolans lan. Pou kounye a, pa gen plis presizyon sou idantite viktim yo ni sou sikonstans egzak lanmò yo.
Pandan tansyon an ap monte nan Bèsi ak nan zòn ki toupre yo, avni sekirite komin Akayè a rete yon gwo sous enkyetid. Deplasman popilasyon an ak bilan moun ki mouri yo raple gravite menas gwoup ame yo reprezante pou kominote a. Nan moman sa a, pwoteksyon lavi moun, kontwòl zòn ki anba atak yo ak retablisman sekirite dwe rete priyorite, pandan popilasyon an ap tann yon amelyorasyon nan sitiyasyon an.
pascalfleuristil2018@gmail.com

