Ayiti : 1 189 nouvo polisye vin ranfòse PNH la pandan bandi yo kontinye ap simen laterè nan peyi a
Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) resevwa yon lòt gwoup 1 189 nouvo ajan, vandredi 30 oktòb 2026 la, nan kad seremoni gradyasyon 37èm pwomosyon enstitisyon an ki pote non « Dessalines ». Pwomosyon sa a, ki gen ladan l 947 gason ak 242 fanm, antre nan PNH la nan yon moman kote ensekirite a kontinye ap fè ravaj nan plizyè rejyon peyi a, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ak depatman Latibonit, kote atoufè ak zam yo toujou ap fè lalwa.
Seremoni an te dewoule nan Lekòl Nasyonal Polis la, sou Wout Frè, an prezans Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, plizyè manm gouvènman an, reprezantan kò diplomatik ak konsilè a, ansanm ak responsab fòs sekirite yo. Nouvo ajan sa yo fè pati twazyèm gwoup ki soti nan pwogram P4000+ la, yon inisyativ ki vize ogmante kantite polisye nan enstitisyon an. Nan diskou li, chèf gouvènman an mande nouvo gradye yo pou yo montre disiplin, kouraj, onètete ak respè pou popilasyon an pandan y ap egzèse fonksyon yo.
Pandan entèvansyon li, Alix Didier Fils-Aimé, ki se prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), rann omaj ak polisye, militè ak ofisye kenyen ki pèdi lavi yo nan kad misyon yo. Li pale tou de kat sòlda salvadoryen ki disparèt depi 18 oktòb nan zòn Santo, nan komin Kwadèbouke. Premye Minis la pwofite okazyon an pou l reyafime angajman gouvènman li an pou reprann kontwòl tout teritwa nasyonal la, pandan li mete aksan sou nesesite pou ranfòse kapasite fòs sekirite yo, konbat trafik zam ilegal, koripsyon epi kontwole fwontyè peyi a. ” Yon Leta ki pa kontwole fwontyè l, se yon Leta ki an feblès”, deklare Alix Didier Fils-Aimé
Sepandan, rive nouvo polisye sa yo fèt nan yon kontèks kote sitiyasyon sekirite peyi a toujou bay anpil kè sote. Malgre plizyè operasyon fòs lòd yo mennen, gang ame yo kontinye kontwole plizyè sektè nan kapital la ak kèk lokalite nan Latibonit. Atak ak zam, kidnapin, deplasman fòse popilasyon an ak konfwontasyon ant bandi ak fòs sekirite yo kontinye ap boulvèse lavi sitwayen yo. Nan kondisyon sa yo, entegrasyon 1 189 nouvo ajan yo kapab ede ranfòse kapasite entèvansyon PNH la, men rezilta yo ap depann tou de mwayen lojistik, ekipman ak ankadreman otorite yo mete disponib pou yo kapab fè travay yo kòmsadwa.
Yon lòt bò, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé renouvle volonte gouvènman li an pou akonpaye Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) nan òganizasyon pwochen eleksyon yo pi vit posib. Sepandan, kesyon sekirite a rete youn nan pi gwo obstak ki kanpe devan pwosesis elektoral la. Pandan gang ame yo kontinye ap enpoze lalwa yo nan plizyè zòn nan Pòtoprens ak Latibonit, anpil kesyon poze sou kapasite Leta pou garanti sekirite elektè yo, kandida yo ak pèsonèl elektoral la. Konsa, pi gwo defi otorite yo se pa sèlman ogmante kantite polisye nan peyi a, men sitou rive reprann teritwa gang yo okipe yo pou kreye kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon nan yon klima sekirite.

