« Fè sa w gen pou w fè a ! » : Donald Trump bay Bukele limyè vèt pou ogmante prezans militè li an Ayiti
Prezidan ameriken an, Donald Trump, ta bay tokay salvadoryen li an, Nayib Bukele, otorizasyon pou ranfòse prezans militè peyi li an Ayiti. Daprè yon atik eksklizif medya ameriken Axios pibliye vandredi 30 oktòb 2026 la, de chèf deta yo te pale nan telefòn madi 27 oktòb pase a. Pandan konvèsasyon sa a, Trump ta deklare Bukele : « Fè sa w gen pou w fè a ! », yon mesaj ki montre sipò li pou operasyon militè Salvador ap mennen sou teritwa ayisyen an.
Selon enfòmasyon plizyè sous pataje ak Axios, se prezidan Nayib Bukele ki te pran inisyativ rele Donald Trump pou verifye si administrasyon ameriken an pa t gen okenn objeksyon kont ranfòsman entèvansyon militè salvadoryen an an Ayiti. Repons prezidan ameriken an ta ouvri chemen pou Salvador kontinye deplwaye sòlda ak ekipman militè nan peyi a.
Pandan menm konvèsasyon telefonik la, Donald Trump te eksprime senpati li devan disparisyon kat militè salvadoryen nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè, depi 18 oktòb 2026. Disparisyon militè sa yo, ki te angaje nan yon misyon sou teritwa ayisyen an, te lakòz yon seri operasyon rechèch ansanm ak yon ogmantasyon prezans militè salvadoryen yo nan peyi a.
Toujou daprè enfòmasyon ki sikile sou deplwaman sa a, anviwon 2 000 sòlda salvadoryen ta deja rive an Ayiti, sitou nan kad operasyon ki vize jwenn kat militè ki disparèt yo. Ranfòsman militè sa a fèt nan yon moman kote atoufè ak zam yo kontinye reprezante yon gwo menas pou sekirite peyi a, patikilyèman nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ak Latibonit. Sitiyasyon sa a soulve kesyon sou rezilta operasyon militè etranje yo ak kapasite otorite ayisyen yo pou reprann kontwòl teritwa ki anba men gwoup ame yo.

