Bèsi anba kout zam: Lapolis ak brigadye mobilize pou bloke tantativ envazyon sou Akayè
Depi anviwon 3 è nan maten samdi 31 oktòb 2026 la kout zam ap chante nan zòn Bèsi, kote Lapolis ak brigadye yo ap konfwonte bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm nan. Konfwontasyon sa yo fèt nan yon kontèks kote gwoup ame yo ap tante anvayi komin Akayè, sa ki mete tansyon an pi rèd nan zòn nan. Sitiyasyon an soulve enkyetid pami popilasyon an, pandan rezidan yo ap tann konnen ki jan konfwontasyon an ap evolye.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, Lapolis ak brigadye yo ap fè fas ak atoufè yo nan yon tantativ pou bare avansman yo epi anpeche yo antre nan komin nan. Nan yon moman kote ensekirite kontinye reprezante yon gwo defi pou plizyè komin nan depatman Lwès la, konfwontasyon nan Bèsi a mete aksan sou enpòtans kowòdinasyon ant fòs lòd yo ak brigad lokal yo. Sepandan, pa gen detay konfime sou kantite moun ki enplike nan echanj kout zam yo ni sou bilan evantyèl konfwontasyon an.
Pandan sitiyasyon an ap evolye, gwo defi a rete kapasite fòs sekirite yo pou kontwole zòn nan epi pwoteje lavi moun ak byen yo. Popilasyon an ap suiv devlopman yo ak anpil enkyetid, nan espwa otorite yo ap pran mezi ki nesesè pou anpeche vyolans lan gaye epi garanti sekirite komin Akayè.
pascalfleuristil2018@gmail.com

