Saturday, October 31, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Etazini : « Depi jou sa a, mwen pa janm sispann soufri », Christa Pike temwaye apre ekzekisyon li echwe

Christa Pike, yon fanm lajistis ameriken te kondane amò, soti nan silans li apre li te chape anba yon ekzekisyon nan mwa septanm 2026, nan eta Tennessee, Ozetazini. Nan yon kominike avoka li yo rann piblik vandredi 30 oktòb 2026, prizonye a fè konnen li kontinye ap sibi gwo doulè fizik ak sikolojik depi tantativ ekzekisyon an. Daprè deklarasyon li yo, pa gen yon sèl moman ki pase san li pa santi doulè nan kò li, sitou nan bra, men ak gòj li. Li esplike tou li toujou gen difikilte pou pale, pandan eksperyans sa a kite gwo mak nan lespri li.

Christa Pike fè konnen li te deja prepare tèt li pou l mouri jou otorite yo te pwograme ekzekisyon an. Sepandan, olye li pèdi lavi li, li te reprann konesans nan yon lopital, kote li te twouve l poukont li, san li pa t byen konprann sa ki te pase. Apre doktè yo te fin pran swen li, otorite yo te voye l tounen nan prizon. Depi lè sa a, li fè konnen li prèske toujou izole nan enfimyè prizon an, lwen lòt prizonye yo. Sitiyasyon sa a fè l sonje 28 lane li te deja pase nan izòlman, yon eksperyans li dekri kòm yon lòt fòm soufrans.

Christa Pike te dwe vin premye fanm otorite Tennessee yo egzekite depi plis pase 200 lane. Lajistis te kondane li pou zak tòti ak asasina yon jèn fi 19 lane an 1995, alòske li menm te gen 18 lane nan epòk la. Pandan tantativ ekzekisyon an, otorite yo te administre li de dòz pentobarbital, yon pwodui ki gen gwo efè sou sistèm nève a. Malgre sa, li pa t mouri, sa ki te oblije responsab yo transfere li an ijans nan lopital nan yon eta kritik. Ka sa a relanse kesyon sou kondisyon ekzekisyon prizonye ki kondane amò Ozetazini, sitou sou soufrans metòd sa yo kapab lakòz.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *