Tuesday, October 20, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Akayè: Twa moun mouri anba bal ak plizyè kay boule nan Kouyo nan yon konfli tèryen ki gen plis pase 30 lane

Vyolans ame kontinye ap simen dèy ak laperèz nan lokalite Kouyo, nan 6yèm seksyon kominal Mate, nan komin Akayè. Sòti dimanch 18 pou louvri lendi 19 oktòb 2026 la, twa moun mouri anba bal nan kad yon konfli ame ki gen rapò ak tè. Konfwontasyon sa a mete anfas 2 gwoup nèg ak zam ki, dapre enfòmasyon ki disponib yo, sou direksyon Gesner Polynice ak Roger Pierre alyas Senèg.

Dènye zak vyolans sa a vin agrave yon sitiyasyon sekirite ki deja frajil nan zòn nan. Enfòmasyon ki te sikile nan premye moman yo te fè konnen omwen yon moun te mouri epi senk kay te boule nan afwontman yo. Nouvo enfòmasyon ki disponib yo fè bilan moun ki mouri yo rive twa. Konfli sa a, ki gen plis pase 30 lane depi l ap makònen lokalite a, kontinye ekspoze abitan yo ak gwo danje, pandan pwopriyete yo ak lavi moun rete anba menas konfwontasyon ant gwoup ame yo.

Pi lwen pase bilan moun ki mouri ak dega materyèl yo, pèsistans konfli sa a soulve kesyon sou kapasite 2 gwoup pou fè lapè malgre divès rankont ki fèt ak yo. Lè yon diskisyon tè dire plizyè dizèn lane epi li kontinye pwovoke lanmò, boule kay ak laperèz, sa montre nesesite pou jwenn yon solisyon dirab ki chita sou lalwa, dyalòg ak garanti sekirite pou tout moun.

Nan Kouyo, plis pase twa deseni konfli pa rive mete fen nan vyolans lan. Pandan fanmi yo ap konte mò yo epi yo pè pou sa k ka rive demen, pwoteksyon popilasyon an ak rezolisyon konfli tè a rete de gwo defi ki mande yon repons serye nan men otorite konsène yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *