Sidès: Sidney Syprien se non endividi la Polis nan Jakmèl arete pou ankèt
Se nan kad ankèt sou disparisyon sitwayen Jacques Benoît Bleck, 78 lane, ki te disparèt tankou yon kout zèklè nan vil Jakmèl nan mwa janvye 2025 lan.
Arestasyon sa a fèt sou yon manda rale mennen vini ki majistra enstriktè a, Bélège Charles Fontus, te mete dèyè sispèk la. Manda sa a te ekzekite kont Sidney Syprien, 38 lane, nan zòn Ka-Maya, aprèmidi dimanch 19 Oktòb 2026 la.
Selon enfòmasyon Pòt-pawòl Polis nan Sidès la, Komisè Minisipal Garry Victor, pataje ak laprès, fòs de lòd yo arete endividi sa a pou asosyasyon malfèktè.
Nan kad arestasyon an, Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ), akonpaye yon Jij de Pè, te fouye kay li nan zòn Ka-Maya. Nan moman pèkizisyon an, yo te jwenn yon zam Kise yon pistolet kalib 9mm. Yo rapòte spesifikasyon zam sa a te efase, e se te pou moun ki disparèt la.
Lè yo t ap poze l kesyon sou sijè sa a nan SDPJ, prevni an te reponn se Jacques Junior Bleck (tout moun konnen sou non Ti Doudou Bleck) ki te ba li kenbe zam nan pou yon prè senkant mil (50 000) goud.
Selon Biwo Kominikasyon Direksyon Depatmantal PNH la nan Sidès, dosye a pral defere devan jij enstriktè a pou lajistis ka fè travay li.
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

