Florence Deltor Jean Joseph vin premye fanm Ati nasyonal nan tèt KNVA a
Vodou ayisyen an make yon nouvo etap nan istwa li ak elevasyon Florence Deltor Jean Joseph nan fonksyon Ati nasyonal Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen an (KNVA). Se nan lakou Dereyal, nan komin Limonade, nan depatman Nò peyi a, dimanch 18 oktòb la, seremoni an te dewoule. Avèk nominasyon sa a, li antre nan listwa kòm premye fanm ki rive okipe pi gwo fonksyon sa a nan tèt òganizasyon an.
Florence Deltor Jean Joseph pran direksyon KNVA a nan yon moman kote kesyon prezèvasyon tradisyon zansèt yo, solidarite ant pratikan vodou yo ak rekonesans eritaj espirityèl ayisyen an rete enpòtan. Li ranplase Prospère Louidor, ki t ap asire direksyon pwovizwa òganizasyon an. Nouvo responsab la pral gen pou l fè fas ak plizyè defi, sitou nan zafè mete diferan kouran vodou yo ansanm, ranfòse estrikti òganizasyonèl sektè a epi ankouraje transmisyon konesans tradisyonèl yo bay jenerasyon k ap grandi yo.
Pi lwen pase karaktè istorik nominasyon sa a, se kapasite nouvo Ati nasyonal la genyen pou l rasanble aktè nan sektè a ak fè avanse enterè vodou ayisyen an ki pral bay mezi reyèl responsablite li. Nan yon peyi kote vodou reprezante yon eleman enpòtan nan memwa kolektif, idantite ak patrimwàn kiltirèl la, lidèchip li kapab jwe yon wòl enpòtan nan pwosesis valorizasyon eritaj sa a.
Avèk Florence Deltor Jean Joseph, KNVA a louvri yon nouvo chapit nan istwa li. Rete pou wè ki jan premye fanm ki rive nan tèt enstitisyon sa a pral sèvi ak pozisyon li pou ranfòse inite nan mitan vodouyizan yo epi bay tradisyon zansèt yo plis vizibilite nan sosyete ayisyen an.
pascalfleuristil2018@gmail.com

