Retni taks 15 %: Lucien Jura bay esplikasyon
Nan yon moman kote mekontantman ap grandi nan mitan ajan piblik yo, sekretè deta pou Kominikasyon an, Lucien Jura, fè konnen taks 15 % la pa konsène ni 14yèm mwa salè a ni bonis yo. Sepandan, deklarasyon sa a pa rive kalme kòlè anplwaye leta yo, plizyè ladan yo kontinye mobilize pou mande gouvènman an retire mezi fiskal la.
Pandan yon rankont ak laprès nan Villa d’Accueil la, lendi 19 oktòb 2026 la, Lucien Jura bay detay sou aplikasyon mezi taks la, ki konsène kèk prim ak endemnite leta peye anplwaye li yo. Li fè konnen premye gwoup fonksyonè yo deja resevwa alokasyon yo, pandan Ministè Ekonomi ak Finans ap travay pou akselere peman ki poko fèt yo. Dapre responsab la, demach sa a dwe ede fanmi anplwaye leta yo fè fas ak divès depans, sitou sa ki gen rapò ak rantre lekòl la.
Malgre esplikasyon sa yo, tansyon an pa bese. Lendi maten an, anplwaye nan Ministè Afè Sosyal ak Travay ansanm ak kèk lòt sèvis piblik, tankou Ministè Anviwònman, antre an grèv pou mande premye minis Alix Didier Fils-Aimé retire dispozisyon fiskal ki lakòz dezakò a. Mank detay klè sou prim ak endemnite ki konsène yo kontinye alimante enkyetid yo, pandan absans yon antant ant otorite yo ak anplwaye yo menase pwolonje kriz la.
Nan yon kontèks kote pouvwa acha fonksyonè yo deja anba presyon, gouvènman an gen yon gwo defi pou l leve: esplike mezi a san anbigwite epi angaje yon vrè dyalòg ak anplwaye yo. Paske, pi lwen pase deklarasyon ofisyèl yo, se transparans ak desizyon konkrè k ap pèmèt otorite yo retabli konfyans epi diminye tansyon an.
pascalfleuristil2018@gmail.com

