Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSJUSTICE

Ansyen direktè Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon an, Stéphane Vincent, tande devan lajistis

Ansyen Direktè Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), Stéphane Vincent, te parèt devan majistra enstriktè Walther Wesser Voltaire, yè mèkredi 8 oktòb 2025 la, nan kad ankèt sou yon dòsyè koripsyon ki gen rapò ak jesyon li te fè ant 23 septanm ak 25 novanm 2024. Misye te akonpaye pa avoka li, Me Guerby Blaise, pandan odisyon an ki te dewoule nan tribinal premye enstans Pòtoprens.

Pandan odisyon an, Stéphane Vincent rejte tout akizasyon ki peze sou li. Li deklare li pa gen okenn responsabilite nan zak koripsyon yo ta reproche l yo, epi li kritike Inite Lit kont Koripsyon (ULCC), ki selon li, ap mennen ankèt la “sèlman a chaj” kont direktè a. Li estime enstitisyon an pa konsidere lòt aktè ki te enplike nan pwosesis administratif yo pandan peryòd li t ap dirije DIE a.

Ansyen responsab la pwofite okazyon an pou defann nesesite pou gen entèkoneksyon ant sistèm Direksyon Jeneral Taks (DGI) ak Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE). Selon li, lyen sa a kapab ede Leta konbat rezo dokiman ki pa anrejistre yo, ki souvan sèvi nan zak fwod ak falsifikasyon. Jiska prezan, odisyon Stéphane Vincent lan antre nan kad pwosesis lajistis la pou fè limyè sou pratik koripsyon ki ta fèt nan administrasyon piblik la.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.