Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSEDUCATION

MENFP ak UNESCO BIE kontinye travay sou refòm kourikoulòm edikatif an Ayiti

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), an kolaborasyon ak Biwo Entènasyonal Edikasyon UNESCO (BIE), te òganize yon atelye konsiltasyon pandan 8 ak 9 oktòb 2025. Aktivite sa a te fèt nan kad travay sou Kad Oriantasyon Kourikoulòm nan (COC), epi li vize kontinye pwosesis refòm kourikoulòm edikatif la ki deja an kous nan peyi a.

Nan atelye a, te gen reprezantan ki soti nan plizyè sektè tankou Leta, prive, inivèsite, kay edisyon, òganizasyon sosyete sivil ak gwoup jèn yo. Tout patisipan yo te gen chans bay opinyon yo sou fason konpetans yo dwe pwogrese nan nouvo pwogram lekòl yo, epi yo te prezante pwopozisyon pou amelyore kalite ansèyman an.

Jodi a, gen trant-sèt konseptè k ap travay sou redaksyon nouvo pwogram pou nivo preskolè ak de premye sik lekòl fondamantal yo. Youn nan objektif prensipal refòm nan, se fè kontni ansèyman an vin pi pre reyalite kiltirèl, sosyal ak langaj elèv ayisyen yo pou lekòl la ka vrèman reflete lavi ak idantite peyi a.

Sa a se dezyèm atelye konsiltasyon sou refòm kourikoulòm nan, apre yon premye rankont ki te fèt nan mwa jiyè a kote yo te pale sou pwogrè nan transmisyon konesans. Konsiltasyon sa yo se yon apwòch patisipatif kote MENFP ap chèche enplike tout aktè ki gen rapò ak edikasyon an, pou bati yon sistèm ki pi enklizif ak modèn.

Daprè MENFP, inisyativ sa a rantre nan kad efò gouvènman an pou modènize kourikoulòm nasyonal la epi ogmante nivo kalite edikasyon nan tout peyi a. Ministè a fè konnen travay sa yo ap kontinye jiskaske peyi a rive gen yon pwogram edikatif solid, adaptab ak bezwen jenerasyon kap vini yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.