Revokasyon Direktè Polis Latibonit la: Gouvènman an sede devan presyon yon chèf rebèl
Mwens pase twa mwa apre li te pran pòs li, ansyen direktè depatmantal Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan Latibonit, enspektè Jacques Ader, revoke nan dat 10 oktòb la. Desizyon sa a, dapre plizyè sous, fèt pou satisfè demand Jerry Bien-Aimé, yon chèf rebèl nan vil Gonayiv, ki te mennen plizyè mouvman pwotestasyon pou mande ranplasman Ader.
Jerry Bien-Aimé te akize ansyen direktè a kòm responsab endirèk nan lanmò Willfort Ferdinand, alias T-Wil, youn nan moun pwòch li yo, sa ki te ogmante tansyon ant popilasyon an ak lapolis nan zòn nan. Apre plizyè semèn presyon ak menas, direktè jeneral PNH la, Vladimir Jonas Paraison, te finalman pran desizyon pou ranplase Ader, yon jès anpil moun wè kòm yon siy feblès enstitisyon an fas ak gwoup ame yo.
Nan plas li, enspektè Jean Alex Pierre Louis te enstale ofisyèlman kòm nouvo direktè depatmantal Latibonit la. Seremoni enstalasyon an te fèt anba gwo mezi sekirite, pandan plizyè sitwayen te eksprime kè sote yo sou kapasite nouvo chèf la pou jere yon sitiyasyon sekirite ki toujou delika nan depatman an.
Plizyè obsèvatè ak lidè lokal yo kritike fason PNH la aji, yo estime ke desizyon sa a kapab mete yon move presedan kote gwoup ame vin gen enfliyans sou chwa ak revokasyon kad polis yo. Daprè yo, olye pou desizyon sa ranfòse sekirite nan Latibonit, li ta ka vin fragilize plis otorite Leta nan yon moman kote peyi a bezwen estabilite ak dirèksyon klè.

