Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITESOCIÉTÉ

Ba latibonit ap deperi: Antreprenè yo lanse grèv kont ensekirite

Asosyasyon Antreprenè Senmak (AESM) nan yon kominike li pibliye nan dat 12 oktòb 2025 la, di li frape ak enkyetid devan ogmantasyon vyolans nan zòn Ba latibonit, sitou apre revokasyon ansyen Direktè Depatmantal Polis Artibonit la, Komisè Jacques Ader. Gwoup gang tankou Gran Grif ak Kokorat San Ras ap grandi san kontwòl, epi rezilta modere yo te kòmanse jwenn ak Ader pa la ankò pou kontrekare yo. AESM di sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou.

Pou mete presyon sou otorite yo, AESM sipòte plan pou divize plan sekirite latibonit an de zòn menm jan sa fèt nan Lwès pou ranfòse efikasite kont gang yo. Yo pwopoze yon Direksyon Depatmantal Adjwen (DDA) ki ta baze Gonayiv ak yon lòt nan Senmak. Se yon fason pou reponn pi vit ak kriz sekirite a.

Pou montre dezakò yo, AESM anonse yon grèv jeneral avètisman 24 èdtan pou madi 14 oktòb 2025. Yo mande lekòl, biznis, transpò piblik ak prive pou patisipe nèt ale. Objektif la se fòse gouvènman an pran responsabilite li pou sekirize Ba latibonit. Mesaj la klè: “Nou bouke!”

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.