Gwo Operasyon Polis kont Gang “Viv Ansanm” nan Kenscoff
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li mennen yon gwo operasyon nan komin Kenscoff kont yon gwoup bandi ki idantifye anba non “Viv Ansanm”. Selon kominike sèvis kominikasyon PNH lan, operasyon an te dewoule nan lannuit 11 pou rive 12 oktòb, kote echanj kout zam te pete ant polisye yo ak bandi yo.
Nan moman yo t ap pran kouri, bandi ak gwo zam te pran desizyon pou yo mete dife nan pwopriyete Wynn Farm. Yo ta menm lanse menas kont zòn “Camp Zoi” , nan wotè Petyonvil. Daprè PNH, zak sa yo se te yon tantativ pou simaye laperèz nan popilasyon an apre atak polis la.
Pou reponn ak menas sa yo, wo kòmandman PNH lan te pran plizyè mezi ijans: li te deplwaye yon inite SWAT, mete yon ekip CIMO sou pye, mobilize yon “Task Force” ak yon machin blende, epi angaje DCPJ atravè Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI) pou sipòte operasyon an. Plizyè bandi ta pèdi lavi yo pandan echanj kout bal ak fòs lòd yo.
Gras ak operasyon sa yo, lapè tounen nan Kenscoff depi anviwon 3:30 nan maten dimanch 12 oktòb la. PNH di l rete detèmine pou l konbat tout menas sekirite sou tout tèritwa a, epi l ankouraje popilasyon an rete vijilan, ini, epi kontinye bay enfòmasyon bay otorite yo sou mouvman sispèk nan zòn yo.

