Grenadye yo sou wout yon gwo batay : Etazini oswa Meksik ap tann yo
Seleksyon ayisyèn foutbòl la deja gen plas li nan ka de final Lig Nasyon CONCACAF la. Men, anvan pwochen randevou a, gen yon kesyon ki poko jwenn repons : kiyès ki pral kanpe devan Grenadye yo, Etazini oswa Meksik?
Tout bagay ap jwe sou klasman final gwoup B a. Si ekip ki fini dezyèm nan gwoup sa a pa rive depase yon bilan 9 pwen ak yon diferans gòl +4, Ayiti ap jwenn Etazini. Nan lòt senaryo a, si dezyèm gwoup B la fè yon pi bon bilan pase limit sa a, se Meksik ki pral vin pwochen advèsè Grenadye yo. Règ CONCACAF la baze sou pèfòmans ekip ki fini dezyèm yo pou detèmine ki ekip ki pral kwaze ak Etazini ak Meksik.
Pou Ayiti, kèlkeswa non advèsè a, defi a pap piti. Etazini ak Meksik se pami seleksyon ki gen plis pwa nan foutbòl CONCACAF la. Grenadye yo ap gen pou prepare yon konfwontasyon ki pral mande anpil konsantrasyon, sitou paske seri a ap jwe sou 2match, youn lakay chak ekip, pandan mwa novanm.
Yon bagay ki deja sèten : Grenadye yo antre nan yon etap kote chak detay ka fè diferans lan. Rès klasman an ap sèlman revele non ekip ki pral eseye bare wout Ayiti pou pwochen etap la.
pascalfleuristil2018@gmail.com

