Thursday, October 15, 2026
ACTUALITÉSJUSTICE

Asasina Jovenel Moïse : Joseph Félix Badio oblije tann 2 semèn ankò pou l parèt devan lajistis ameriken

Joseph Félix Badio, youn nan prensipal akize nan dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la, pa konparèt devan lajistis ameriken mèkredi 14 oktòb 2026 la, jan sa te pwograme. Odyans lan ranvwaye pou anviwon de semèn, apre avoka li, Lauren Field Krasnoff, te mande plis tan pou egzamine dokiman ki nan dosye a. Yon sitiyasyon sanitè nan sant detansyon federal kote Badio fèmen an kontribye tou nan reta sa a.

Dapre enfòmasyon LVS rapòte, yon pwoblèm tibèkiloz nan etablisman penitansye a lakòz otorite yo mete prizonye yo nan izolman. Sitiyasyon sa a te soulve madi 13 oktòb la devan jij Jacqueline Becerra, ki ta dwe pran dosye Joseph Félix Badio a an chaj pou jijman, apre etap preliminè yo fin konplete. Mezi sanitè sa yo vin ajoute sou difikilte ki deja genyen nan pwosedi jidisyè a.

Yon lòt ensètitid plane sou defans akize a. Avoka Lauren Field Krasnoff fè konnen li poko sèten si l ap kontinye reprezante Badio nan pwosè a. Li ta ap tann yon desizyon lajistis pou konnen si l ap rete nan dosye a oubyen si yon lòt avoka pral pran plas li. Kesyon sa a kapab gen konsekans sou avansman pwosedi a, sitou nan yon dosye ki gen anpil dokiman ak akizasyon grav.

Joseph Félix Badio, otorite jidisyè yo sispèk ki te jwe yon wòl santral nan planifikasyon asasina prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021, ap gen pou tann anviwon de semèn ankò anvan pwochen konparisyon li. Pandanstan, dapre yon sous LSV site, pwosè a kapab pran plis pase yon lane anvan li kòmanse ofisyèlman. Sepandan, estimasyon sa a poko reprezante yon kalandriye lajistis ameriken konfime.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *