Thursday, October 15, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Lafrans : Fanm yo ap fè mwens sèks, selon yon etid Ifop

Fanm k ap viv an Frans yo ap fè mwens relasyon seksyèl pase sa te konn fè nan ane pase yo. Daprè yon etid Enstiti Fransè Opinyon Piblik (Ifop) pibliye jedi 15 oktòb 2026, se sèlman 28 % fanm ki deklare yo fè sèks omwen yon fwa pa semèn, alòske pousantaj sa a te rive 40 % an 2005. Chif sa yo, medya fransè RMC rapòte, montre yon chanjman enpòtan nan fason fanm yo konsidere lavi seksyèl ak relasyon santimantal yo.

Ankèt sa a, ki fèt nan kad Obsèvatwa Dezi Fanm yo pou Pasaj dezi, revele yon diminisyon 12 pwen nan kantite fanm ki gen relasyon seksyèl chak semèn pandan 20 dènye ane yo. Selon rezilta yo, sèks pa okipe menm plas li te genyen anvan nan lavi anpil fanm, sitou pami jèn yo. Pou yon pati nan yo, bon jan kominikasyon, konfyans ak konpreyansyon nan relasyon an vin gen plis enpòtans pase kantite fwa yo fè lanmou.

Etid la montre tou se 68 % fanm fransè ki konsidere relasyon seksyèl kòm yon eleman enpòtan pou yo jwenn bonè nan lavi amoure yo. Pousantaj sa a bese 13 pwen konpare ak sa li te ye 20 lane pase. Daprè RMC, evolisyon sa a tradui yon nouvo fason fanm yo ap viv relasyon yo, kote afeksyon ak koneksyon emosyonèl pa nesesèman depann de aktivite seksyèl.

Pandan li t ap entèvni sou RMC jedi 15 oktòb la, seksològ ak terapis koup Thérèse Hargot eksplike sitiyasyon sa a gen rapò ak lefètke fanm yo vin pi alèz pou eksprime sa yo bezwen nan relasyon yo. Daprè espesyalis la, anpil fanm chèche yon relasyon ki gen bon jan kalite ak yon koneksyon emosyonèl solid anvan yo antre nan entimite seksyèl. Li fè remake gen gason ki toujou gen difikilte pou konprann atant sa yo, sa ki kapab lakòz fristrasyon ak dezakò nan lavi koup yo.

Plizyè temwayaj RMC ranmase montre kèk koup pa konsidere absans relasyon seksyèl pandan yon peryòd kòm yon pwoblèm. Diane ak Lucas, ki ansanm depi yon lane, eksplike yo pa santi okenn presyon pou yo fè sèks chak semèn, depi relasyon yo chita sou dyalòg ak konpreyansyon. Menm jan an tou, Maëlle, yon jèn fanm 27 lane, fè konnen li menm ak patnè li konn prefere pase bon moman ansanm, tankou soti nan restoran oswa fè lòt aktivite, olye yo santi yo oblije fè relasyon seksyèl.

Malgre diminisyon frekans relasyon seksyèl yo, sa pa vle di fanm fransè yo pèdi enterè nan plezi seksyèl. Thérèse Hargot raple aktivite seksyèl kapab pote avantaj pou sante fizik ak mantal, pandan li souliye anpil fanm toujou gen difikilte pou byen konnen kò yo ak konprann pwòp dezi yo. Rezilta ankèt Ifop la, jan RMC prezante yo, montre yon evolisyon nan lavi entim fanm yo an Frans, kote kalite relasyon santimantal la sanble ap pran plis plas pase obligasyon pou fè sèks regilyèman

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *