Lig dè chanpyon: PSG domine Baselòn 4-2 nan yon rankont ki chaje ak spektak
Pari Sen Jèmen (PSG nan lang fransè) pran avantaj sou FC Baselòn, madi 20 oktòb 2026 la, apre li fin bat ekip katalan an sou yon nòt 4-2 nan Pak dè Prens lan , nan kad twazyèm jounen faz lig Lig dè chanpyon. Malgre Baselòn te rive egalize plizyè fwa, efikasite atakan parizyen yo ak feblès defans katalan an te fè diferans lan nan fen rankont lan.
PSG te demontre entansyon li depi nan premye minit yo, avèk yon jwèt rapid ak anpil presyon sou defans advèsè a. Désiré Doué te louvri mak la nan 38yèm minit la, sa ki te pèmèt klèb fransè a pran avantaj anvan poz la. Barcelone te reyaji nan dezyèm peryòd la grasa Xavi Espart, ki te remete de ekip yo egal nan 55yèm minit la. Men, Lucas Hernández te bay PSG avantaj la ankò nan 72yèm minit la. Lamine Yamal te reponn pou Barcelone nan 79yèm minit la, pou fè mak la vin 2-2 epi relanse sispens lan.
Sepandan, egalite a pa t dire lontan. Vitinha te make twazyèm gòl PSG a nan 81yèm minit la, anvan Fabián Ruiz te mete rezilta a definitif nan 86yèm minit la. Nan dènye pati rankont lan, ekip parizyen an te montre plis kapasite pou eksplwate espas ki te genyen nan defans Barcelone nan. Malgre efò ekip katalan an, li pa t rive anpeche PSG pran twa pwen yo devan piblik li.
Nan fen rankont sa a, PSG voye yon mesaj klè bay rival li yo nan Lig chanpyon an: kapasite pou atake pa sifi si yon ekip pa rive garanti ekilib nan defans li. Pou Barcelone, defèt sa a mete aksan sou nesesite pou korije feblès dèyè yo, pandan PSG kontinye montre fòs li nan gwo konfwontasyon ann Ewòp.
pascalfleuristil2018@gmail.com

