Monday, October 26, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Disparisyon 4 sòlda salvadoryen nan Santo : FRG konfime li resevwa rès kadav, men idantite yo poko verifye

Fòs Represyon Gang yo (FRG) konfime, samdi 24 oktòb 2026 la, li resevwa nan men yon òganizasyon imanitè rès kadav yo sispèk ki ta pou kat militè salvadoryen ki disparèt nan Santo, nan komin Kwadèboukè, depi dimanch 18 oktòb la. Sepandan, nan yon kominike li pibliye, misyon miltinasyonal la fè konnen li poko kapab konfime si rès moun sa yo se pou kat sòlda y ap chèche yo toutbon. Enfòmasyon sa a vini pandan operasyon rechèch yo ap kontinye pou fè limyè sou disparisyon militè yo.

Nan menm kominike a, FRG pote klarifikasyon sou kat idantifikasyon militè tchadyen ki t ap sikile sou rezo sosyal yo, apre prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, te pibliye enfòmasyon sou dokiman sa a. Daprè misyon an, kat la se pou yon sòlda tchadyen ki toujou vivan e ki prezan nan inite militè li. FRG presize sòlda a te pèdi dokiman sa a pandan operasyon rechèch ki t ap fèt pou jwenn kat militè salvadoryen ki disparèt yo. Klarifikasyon sa a vin mete fen nan dout sou sò sòlda tchadyen an, men ensètitid la toujou rete sou idantite rès kadav yo.

Pandan dosye a kontinye ap soulve anpil kesyon, FRG remèsye otorite ayisyen yo, peyi ki kontribye ak twoup nan misyon an ansanm ak otorite salvadoryen yo pou kolaborasyon yo depi kòmansman kriz la. Disparisyon kat militè sa yo, nan yon zòn kote gang ame yo aktif, kontinye mete operasyon sekirite entènasyonal yo ann Ayiti anba gwo atansyon. Pou kounye a, okenn konfimasyon ofisyèl poko etabli sò kat sòlda salvadoryen yo, pandan fanmi yo ak piblik la ap tann rezilta verifikasyon rès kadav yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *