Friday, October 2, 2026
ACTUALITÉSÉconomie

Ayiti: Egzèsis fiskal 2026-2027 la louvri ak nouvo Kòd Fiskal

Egzèsis fiskal 2026-2027 la kòmanse ak antre an aplikasyon nouvo Kòd Fiskal la depi jedi 1ye oktòb 2026. Refòm sa a vini ak objektif pou mete plis koyerans nan sistèm fiskal la, klarifye règ yo epi amelyore fason Leta jere ak kolekte resous piblik yo.

Lansman ofisyèl nouvo Kòd la fèt nan lakou Pòtoprens, kote Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé prezante refòm nan kòm yon zouti pou rann sistèm fiskal la pi klè, pi transparan epi pi previzib. Nouvo kad legal la rasanble epi mete an amoni plizyè dispozisyon ki te deja gaye nan diferan lwa, dekrè ak lòt tèks reglemantè. Daprè chèf gouvènman an, chanjman sa yo ta dwe ede amelyore relasyon ant administrasyon fiskal la ak kontribyab yo, pandan y ap soutni mobilizasyon resous nasyonal yo.

Direksyon Jeneral Enpo (DGI) pral jwe yon wòl kle nan aplikasyon nouvo dispozisyon yo. Lokatè primati a mande enstitisyon an pou l garanti yon aplikasyon ki rigoure ak inifòm. Fòmasyon ajan yo, modènizasyon sistèm enfòmatik yo ak amelyorasyon sèvis y ap bay kontribyab yo pami priyorite yo mete devan. Minis Ekonomi ak Finans lan, Serge Gabriel Collin, ensiste sou enpòtans refòm nan pou ranfòse kapasite Leta, pandan Direktè Jeneral DGI a, Chesnel François, mande ajan yo pou yo metrize nouvo règ fiskal yo. Anbasadè Inyon Ewopeyèn nan, Hélène Ross, konfime volonte patnè teknik ak finansye yo pou akonpaye pwosesis refòm finans piblik la.

Antre an aplikasyon Kòd Fiskal la ouvri yon nouvo faz pou administrasyon fiskal Ayisyèn nan. Se aplikasyon konkrè dispozisyon yo sou teren an ki pral pèmèt mezire efè refòm nan sou senplifikasyon pwosedi yo, koleksyon resous Leta yo ak fonksyònman sistèm fiskal la.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *