Friday, October 2, 2026
ACTUALITÉSSPORT

Grenadye yo bay Repiblik Dominikèn yon gwo leson foutbòl

Ayiti kontinye fè pale de li nan Lig Nasyon Konkakaf la. Grenadye yo mete do Repiblik Dominikèn atè 4-1 nan lannwit jedi 1e oktòb la , nan yon match kote yo te montre karaktè, reyaksyon ak efikasite devan gòl. Viktwa sa a pèmèt seleksyon an kontinye ak yon bilan san fot nan Gwoup A a.

Depi kòmansman rankont lan, Grenadye yo te mete presyon sou advèsè yo. Louicius Deedson louvri skò a nan 9yèm minit la, bay Ayiti avantaj la. Malgre Wilson Isidor te rate yon penalti anvan poz la, ekip ayisyen an pa t pèdi fil match la. Okontrè, Isidor retounen apre poz la ak plis detèminasyon epi li make nan 51yèm minit la pou fè 2-0.

Dominiken yo te jwenn yon ti espwa lè Dorny Romero make nan 55yèm minit la, men Grenadye yo pa t kite match la chape. Isidor frape ankò nan 67yèm minit la pou l mete Ayiti sou yon avantaj 3-1, anvan Yassin Fortuné mete sele sou viktwa a nan 76yèm minit la sou yon pas Ruben Providence. Kat gòl yo make diferans lan nan yon rankont kote Ayiti te byen jere moman enpòtan yo.

Apre viktwa sa a, Grenadye yo gen twa viktwa nan twa match epi yo konte 9 pwen. Seri a ap kontinye, men Ayiti deja montre li pare pou jwe yon wòl enpòtan nan batay la nan Gwoup A a.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *