Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Lapolis Nasyonal Ayiti ak Japon Mete Tèt Ansanm pou Fòse Koperasyon Sekiritè a.

Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal Ayiti s (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, te rankontre Anbasadè Japon nan peyi a, Nishiuchi Kazuhiko, madi 28 oktòb 2025, nan lokal Direksyon Jeneral PNH la nan Taba.

Rankont sa te dewoule sou ranfòsman koperasyon sekiritè ant Ayiti ak Japon. Anbasadè Japon an te reafime angajman peyi li pou kontinye soutni PNH la, espesyalman atravè konstriksyon yon komisarya nan Miragwàn ak planifikasyon pou rekonstriksyon lòt enfrastrikti lapolis ki detwi.

Nan okazyon an, Direktè PNH la te prezante prensipal bezwen enstitisyon an tankou: ekipman pou ponpye, machin blende, machin òdinè, epi konstriksyon yon lopital espesyalman pou ajan li yo. Malgre kèk ti siksè, PNH fè konnen li kontinye ap konfwonte mank materyèl, mank fòmasyon, ak difikilte lojistik.

Anbasadè Japon an pwomèt li pral transmèt tout demann sa yo bay gouvènman peyi li. DG a.i Paraison ansanm ak lòt manm Wo Kòmandman PNH lan eksprime satisfaksyon yo pou dyalòg la epi remèsye Japon pou tout sipò li kontinye pote bay enstitisyon an.

Partagez ceci

Roubens Vil

Roubens Vil, journaliste passionné par les sujets d'intérêt public, je mets ma plume au service de ma communauté.