Tragedi nan Ti Gwav : Rivyè Ladig touye omwen 10 moun nan zòn Gabyon
Omwen dis (10) moun pèdi lavi yo nan zòn Sou Gabyon, nan 12 èm seksyon komin Ti Gwav, aprè rivyè Ladig te debòde nan nuit madi pou rive mèkredi 29 oktòb 2025 la. Daprè enfòmasyon Nosalito Soliman, CASEC seksyon an bay, dlo a te soti nan kou l epi anvayi tout katye a, kraze plizyè kay epi kite dè dizèn moun anba debri.
Nan temwayaj li, Nosalito Soliman deklare sitiyasyon an depase kapasite lokal la pou jere li. Li fè konnen gen fanmi antye ki disparèt, pandan kèk lòt viktim toujou anba kay ki efondre yo jouk nan maten. CASEC la mande entèvansyon ijan otorite Leta yo pou pote sekou bay moun ki viktim yo.
Pou kounya, selon sa CASEC la rapòte, gen sèlman yon sèl reprezantan pwoteksyon sivil ki sou plas. Pandan, plizyè manm popilasyon an ap eseye ak mwayen pa yo pou sove moun ki toujou bloke anba debri, nan yon sitiyasyon ki vin pi dramatik chak èdtan.

