Jounalis Ayisyen Schultz Laurent Junior asasinen ak kouto nan Philadelphia
Laprès ayisyèn sou chok aprè lanmò jounalis Schultz Laurent Junior, asasinen madi 28 oktòb 2025 la nan vil Philadelphia, Etazini. Viktim nan, ki te gen 51 lane, se te yon pwofesè, powèt ak jounalis ki te travay pou jounal Le Nouvelliste. Selon enfòmasyon yo, atak la te fèt sou Wadsworth Avenue, nan katye Cedarbrook, East Mount Airy, kote li t ap viv kòm imigran.
Apre zak la, Schultz Laurent Junior te transpòte prese prese nan lopital ki pi pre a, men li pa t rive siviv blesi kout kouto li te resevwa yo, daprè NBC 10 Philadelphia. Daprè lapolis, otorite yo poko idantifye rezon krim sa a epi yo poko arete pèsonn pou kounya. Yo fè konnen ankèt la kontinye pou jwenn limyè sou trajedi sa a.
Schultz Laurent Junior kite dèyè twa pitit. Lanmò li se yon gwo pèt pou mond laprès ayisyèn nan ak kominote ayisyen an Ozetazini, kote anpil moun salye kouraj, pwofesyonalis ak pasyon li te genyen pou pawòl, literati ak verite.

