Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

PNH la mete Popilasyon an an gad kont ouragan Melissa : Konsèy pou sekirite w

Mèkredi 29 oktòb 2025,Tabarre. Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) lanse yon alèt espesyal pou popilasyon an fas ak menas Ouragan Melissa ki ap travèse zòn Gwo Zantiy yo epi ki gen gwo enpak sou Ayiti. Sitiyasyon meteyowolojik la grav anpil, ak gwo lapli, van vyolan, inondasyon ak debòdman dlo k ap menase lavi moun.

PNH ap mande tout moun pou yo rete vijilan epi swiv konsèy sa yo pou pwoteje tèt yo ak fanmi yo:

1. Deplasman ak Inondasyon:
– Pa janm travèse wout, pon oswa pasaj ki anba dlo, menm si dlo a parèt pa fon.
– Pa mache oswa kondwi nan dlo k ap koule, li ka kache twou oswa danje ou pa wè.
– Evite tout zòn ki ka fè glisman tè oswa ki gen gwo risk inondasyon.

2. Si ou rete nan yon zòn danjere:
– Si kay ou pa solid oswa li sitiye toupre rivyè, ravin oswa lanmè, tanpri kite l imedyatman.
– Chèche refij nan yon kote ki an sekirite, lwen dlo ak teren ki fasil glise.

3. Lòt Prekosyon:
– Swiv tout enfòmasyon ofisyèl yo sou radyo, rezo sosyal oswa lòt medya serye.
– Pa deplase san nesesite. Rete lakay ou jiskaske otorite yo deklare danje a fini.
PNH fè konnen sitiyasyon an trè serye, e li enpòtan pou tout sitwayen mete sekirite yo an premye. Rete lakay ou, pwoteje tèt ou, epi suiv tout konsèy otorite yo.Lavi w pa gen pri, pran prekosyon men pa pran risk.

Partagez ceci

Roubens Vil

Roubens Vil, journaliste passionné par les sujets d'intérêt public, je mets ma plume au service de ma communauté.